Skip to content
Opens in a new window

[1] Kanta pou mwen menm, frè mwen yo, lè mwen te ale kote nou an, se pa t avèk yon pawòl oubyen yon sajès kòmkwa ki siperyè mwen te al anonse nou temwayaj Bondye a.

[2] Vrèmanvre, mwen te deside pou mwen pa rekonèt anyen pami nou, eskepte Jezi Kris, e Jezi Kris yo te krisifye a.

[3] Mwen menm, mwen te fèb, mwen te pè, mwen t ap tranble anpil lè mwen te avèk nou an.

[4] E, pawòl mwen ak mesaj mwen pa t pawòl pou konvenk moun ak sajès lèzòm. Men, yo te yon demonstrasyon Lespri ak pisans Bondye,

[5] konsa pou lafwa nou pa t nan sajès lèzòm, men pou l te nan pisans Bondye.

[6] Epoutan, n ap preche moun total yo yon sajès, men, se pa yon sajès ki soti ni nan monn sa a, ni nan chèf monn sa a, yo menm Bondye pral detui a.

[7] Okontrè, n ap preche sajès Bondye nan yon mistè; yon sajès ki kache; yon sajès Bondye pare davans, pou glwa nou, anvan monn sa a te la;

[8] yon sajès chèf monn sa a pa t konnen nonplis. Paske, si yo te konnen li, yo pa ta krisifye Senyè ki se laglwa a.

[9] Men, se konsa sa ekri: Bagay je pa janm wè epi zòrèy pa janm tande, Bagay ki pa janm monte nan kè lèzòm, Se yo Bondye te pare pou moun ki renmen l yo.

[10] E, se nou menm, Bondye revele yo, grasa Lespri li. Paske, Lespri a egzamine tout bagay, menm sa ki nan pwofondè kè Bondye.

[11] Vrèmanvre, kilès moun ki konnen bagay ki konsène moun, si se pa lespri moun nan ki nan li a? Ebyen, se konsa tou, pèsonn pa konnen bagay ki konsène Bondye, eskepte Lespri Bondye a.

[12] Alòske, nou menm, se pa lespri lemonn nou resevwa, men, se Lespri ki soti nan Bondye a. Konsa, nou konnen bagay Bondye ban nou nan gras li.

[13] E, se bagay sa yo nou preche. Nou pa preche yo daprè pawòl sajès lèzòm anseye, men, daprè pawòl Lespri Sen an anseye. Kifè, nou esplike moun ki gen Lespri a bagay Lespri a.

[14] Men, yon moun ki se yon kretyen vivan sèlman, li pa resevwa bagay Lespri Bondye, paske yo se foli pou li. Dayè, li pa kapab konnen yo, paske se daprè Lespri a pou yo egzamine yo.

[15] Alòske, moun Lespri a ap dirije yo ka egzamine tout bagay, men, yo menm, pèsonn pa ka egzamine yo.

[16] Vrèmanvre, kilès ki konnen lide Senyè a? Kilès ki ka ba li enstriksyon? Alòske, nou menm, nou genyen lide Kris la.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters