Skip to content
Opens in a new window

[1] Imite mwen, menm jan mwen menm, mwen imite Kris la.

[2] Kounye a, frè mwen yo, m ap fè nou konpliman, paske nou sonje mwen nan tout bagay epi paske nou kenbe koutim yo, menm jan mwen te transmèt yo ban nou an.

[3] Men, mwen ta vle nou konnen se Kris ki sou tèt tout gason, se gason ki sou tèt fi, epi se Bondye ki sou tèt Kris.

[4] Tout gason k ap lapriyè oubyen k ap pwofetize tèt kouvri, ebyen, y ap dezonore sila ki sou tèt yo a.

[5] E, tout fi k ap lapriyè oubyen k ap pwofetize tèt san kouvri, ebyen, y ap dezonore sila ki sou tèt yo a. Paske, lè sa a, se menm bagay ak si se kale yo te kale tèt yo.

[6] Vrèmanvre, si yon fi pa dakò kouvri tèt li, ebyen, li ta mèt tou koupe cheve l tou. Men, si se yon wont, lè yon fi koupe cheve l oubyen lè l kale tèt li, ebyen, se pou l kouvri tèt li.

[7] Gason an pa dwe kouvri tèt li vre, paske li se pòtre Bondye, li se glwa Bondye. Fi a, li menm, se glwa gason li ye.

[8] Vrèmanvre, se pa t gason ki te soti nan fi. Okontrè! Se fi ki te soti nan gason.

[9] Paske tou, Bondye pa t kreye gason poutèt fi. Okontrè! Se fi, li te kreye poutèt gason.

[10] Se poutèt sa, akòz zanj yo, fi dwe gen yon otorite sou tèt yo.

[11] Malgre sa, nan Senyè a, se pa ni gason san fi, ni fi san gason.

[12] Paske, menm jan se nan gason fi te soti, konsa tou, se grasa fi ki fè gen gason. E, tout bagay, se nan Bondye yo soti.

[13] Nou ka wè sa poukont nou. Èske li konfòm pou fi ap priye Bondye tèt san kouvri?

[14] Menm lanati anseye nou sa tou, pa vre? Si gason gen cheve long, se yon dezonè pou li.

[15] Men, si fi gen cheve long, se yon glwa pou li. Paske, Bondye ba li cheve long lan angiz vwal.

[16] Men, si yon moun vle fè diskisyon, ebyen, ni nou menm, ni legliz Bondye yo, nou pa gen abitid sa a.

[17] Malgre m ap ban nou enstriksyon sa a, mwen pa fè nou konpliman. Paske, lè nou reyini, sa fè plis mal pase byen.

[18] Paske, toudabò, lè nou reyini legliz, gen divizyon nan mitan nou. Se sa m tande, e mwen kwè genyen moso verite ladan l.

[19] Vrèmanvre, fòk gen dezakò nan mitan nou tou, dekwa pou moun ki otantik pami nou yo ka parèt aklè.

[20] Donk, lè nou reyini ansanm yon sèl kote a, nou pa reyini pou n manje manje Senyè a vre.

[21] Paske, lè n ap manje, se youn k ap pran soupe pa l anvan lòt; se youn grangou, epi yon lòt sou.

[22] Kòman? Èske se kay nou pa genyen pou nou manje ak bwè? Oubyen, èske se legliz Bondye a nou vle avili? Epi, èske se moun ki pa genyen yo nou vle fè wont? Alò, kisa pou m di nou la a? Èske se konpliman pou m fè nou pou sa? Non, mwen pa fè nou konpliman!

[23] Paske, mwen menm, koutim mwen te transmèt ban nou an, se nan men Senyè a mwen te resevwa l. Wi, menm nuit yo t apral trayi Senyè Jezi a, li pran pen.

[24] Epi, lè l fin rann gras, li kase li, epi li di: «Pran. Manje. Sa a se kò mwen, kò yo pral kase pou nou an. Toujou fè sa pou nou sonje mwen.»

[25] Se te menm bagay pou gode a tou. Apre yo fin manje, li di: «Gode sa a se nouvèl alyans lan nan san mwen. Chak fwa n ap bwè li, fè sa pou nou sonje mwen.»

[26] Vrèmanvre, tout lè nou manje pen sa a epi nou bwè sa k nan gode sa a, se lanmò Senyè a n ap anonse pou jis li vini.

[27] Se poutèt sa, nenpòt moun ki manje pen sa a oubyen ki bwè sa k nan gode Senyè a yon fason ki pa konvenab, ebyen, l ap koupab parapò ak kò e ak san Senyè a.

[28] Alò, se pou chak moun egzamine tèt yo, epi konsa, yo mèt manje pen an epi bwè sa k nan gode a.

[29] Paske, si yon moun ta manje pen an oubyen li ta bwè sa k nan gode a yon jan ki pa konvenab, sa vle di san li pa byen reflechi sou kò Senyè a, ebyen, se pwòp jijman l li manje epi li bwè.

[30] E, se sa k fè gen anpil nan nou ki malad, ki enfim, epi ki mouri.

[31] Vrèmanvre, si nou sonde tèt nou, Senyè a p ap jije nou.

[32] Men, lè Senyè a jije nou, se disiplin l ap ban nou, dekwa pou li ka pa kondane nou ansanm ak lemonn.

[33] Konsa, frè mwen yo, lè nou reyini pou nou manje, se pou nou youn tann lòt.

[34] Si yon moun ta grangou, se pou l tou manje lakay li, dekwa pou lè nou reyini, nou pa tonbe anba jijman. Bon, pou rès bagay yo, m a regle yo lè m vini.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters