[1] Se pou nou chèche gen lamou. Se pou nou anvi don espirityèl yo tou. Men, se pou nou pi anvi pwofetize.
[2] Vrèmanvre, moun k ap pale an lang lan, se pa avèk lèzòm l ap pale, men, se avèk Bondye. Paske, pèsonn pa konprann li. Se nan lespri l, l ap pale pawòl mistè.
[3] Men, moun k ap pwofetize a, li menm, se ak lèzòm l ap pale. Li edifye yo, li ankouraje yo, epi li konsole yo.
[4] Moun k ap pale an lang lan, se tèt li l ap edifye. Men, moun k ap pwofetize a, se legliz l ap edifye.
[5] Mwen ta vle nou tout pale an lang. Men, mwen ta vle nou pwofetize pito. Paske, moun k ap pwofetize a, li pi enpòtan pase moun k ap pale an lang lan, amwenske moun k ap pale an lang lan entèprete lang lan, dekwa pou legliz la ka resevwa edifikasyon.
[6] Bon! Frè mwen yo, sipoze mwen vin kote nou, mwen pale an lang, epi mwen pa pale pawòl revelasyon, oubyen pawòl konesans, oubyen pawòl pwofesi, oubyen pawòl ansèyman, kisa n ap benefisye la a?
[7] Bagay tankou flit oubyen hap ki pa gen lavi epi ki bay son, menm yo menm, si yo pa bay diferans nan son yo, kòman pou moun fè konnen kisa flit la oubyen hap la ap jwe.
[8] Vrèmanvre, si se yon son twoub twonpèt bay, kilès ki pral pare kò l pou l fè lagè?
[9] Se menm jan an tou pou nou menm, si se pawòl ki pa klè n ap bay ak lang nou, kòman pou moun fè konnen de kisa n ap pale? Paske, se tankou se ak van n ap pale.
[10] Kapab genyen anpil kalite langaj nan lemonn, men, pa gen okenn nan yo ki san sans.
[11] Donk, si m pa konprann sans yon langaj, m ap yon etranje pou moun k ap pale a, e moun k ap pale a ap yon etranje pou mwen tou.
[12] Se menm jan an tou pou nou menm. Kòm nou anvi gen don espirityèl yo, chèche pou nou maton nan don k ap edifye legliz yo.
[13] E, se poutèt sa, moun ki pale an lang lan dwe lapriyè pou li ka entèprete tou.
[14] Vrèmanvre, si m ap priye an lang, se lespri m k ap priye, men, entèlijans mwen pa pwodui anyen.
[15] Donk, kijan pou sa ye? Wi, m ap priye avèk lespri mwen, men, m ap priye avèk entèlijans mwen tou. Wi, m ap chante avèk lespri mwen, men, m ap chante avèk entèlijans mwen tou.
[16] Sipoze se avèk lespri ou w ap bay benediksyon. Si yon moun òdinè chita la, kòman l ap fè di «amèn» pou remèsiman w lan, alòske, li pa konn sa w ap di?
[17] Vrèmanvre, ou ka ap rann gras byen, men, lòt la li menm, li pa edifye.
[18] Mwen rann Bondye m nan gras dèske mwen ka pale an lang plis pase nou tout.
[19] Men, lè m legliz, m pito di senk pawòl avèk entèlijans mwen pou m ka enstui lòt moun yo tou, pase pou se ta di mil pawòl an lang.
[20] Frè mwen yo, pa tounen timoun lè n ap reflechi. Parapò ak sa ki mal, nou mèt tankou timoun. Men, lè n ap reflechi, se pou nou tounen granmoun.
[21] Nan lalwa, men sa ki ekri: Se nan lòt lang, Se avèk bouch moun etranje, Mwen pral pale avèk pèp sa a. E, menm konsa, yo p ap koute mwen. Se sa Senyè a di.
[22] Kifè, lang yo se siy pou moun ki pa konvèti. Men, yo pa la pou moun ki konvèti. Alòske, pwofesi se pou moun ki konvèti. Men, yo pa pou moun ki pa konvèti.
[23] Donk, sipoze tout legliz la reyini ansanm, epi tout moun ap pale an lang. Si moun òdinè oubyen moun ki pa konvèti vin antre, y ap di nou fou, pa vre?
[24] Men, si se pwofetize tout moun ap pwofetize, epi yon moun ki pa konvèti oubyen yon moun òdinè vin antre, konsa, se nou tout ki reprimande l, se nou tout ki jije l.
[25] E, konsa tou, sekrè nan kè li ap vin aklè. Lè sa a, l a bese fas atè, l a adore Bondye, epi l a fè temwayaj sa a: «Bondye nan mitan nou vre!»
[26] Donk, frè mwen yo, kijan pou sa ye? Ebyen, lè nou reyini ansanm epi nou chak gen yon chante, yon bagay pou anseye, yon pawòl an lang, yon revelasyon ak yon bagay pou entèprete, se pou tout bagay fèt yon jan pou edifye moun.
[27] Si yon moun ap pale an lang, fòk se de oubyen twa moun pou pi plis, youn alafwa. Epitou, fòk yon moun entèprete.
[28] Si pa gen moun pou entèprete, se pou moun k ap pale an lang lan pe nan legliz la. Men, li mèt pale ak tèt li epi ak Bondye.
[29] Pou pwofèt yo menm, se de oubyen twa ki pou pale. Epi, se pou lòt yo ret ap egzamine yo.
[30] Men, si yon lòt ki chita ta gen yon revelasyon, se pou premye a pe.
[31] Paske, nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, dekwa pou tout moun ka aprann epi pou tout moun ka jwenn ankourajman.
[32] Lespri pwofèt yo dwe soumèt anba pwofèt yo.
[33] Paske, Bondye pa mele ak dezòd. Li se yon Bondye lapè.
[34] Menm jan ak nan tout legliz sen yo, medam nou yo dwe pe nan legliz. Paske, yo pa gen pèmisyon pale. Se sa lalwa di tou.
[35] Men, si gen yon bagay yo vle aprann, y a poze pwòp mari yo kesyon lakay yo. Paske, sa pa konvenab pou medam yo ap pale nan legliz.
[36] Dayè, èske se kote nou an pawòl Bondye a soti? Oubyen, èske se ta nou menm sèl l al jwenn?
[37] Si yon moun panse li se pwofèt oubyen li gen Lespri a, ebyen, se pou l rekonèt sa m ekri a se kòmandman Senyè a li ye.
[38] Men, si yon moun pa rekonèt sa, kite l pa rekonèt li.
[39] Kifè, frè mwen yo, se pou nou anvi pwofetize. Men, se pou nou pa anpeche moun pale an lang.
[40] Epi, se pou tout bagay fèt daprè lizaj epi nan lòd.