[1] Kanta pou mwen menm, frè mwen yo, mwen pa t kapab pale ak nou tankou se te ak moun Lespri a ap dirije. Mwen pale ak nou tankou se te ak moun lachè ap dirije, tankou se te ak moun ki tibebe nan Kris.
[2] Se pa t gwo manje, mwen te ban nou, men, se lèt, paske nou pa t ko kapab sipòte l. Okontrè, menm kounye a, nou pa kapab toujou, paske se lachè k ap dirije nou jis kounye a.
[3] Vrèmanvre, lè genyen jalouzi, kont ak divizyon pami nou, se lachè k ap dirije nou, e se nan fason lèzòm n ap mache, pa vre?
[4] Vrèmanvre, se lachè k ap dirije nou, lè youn di: «Mwen pou Pòl!» epi, yon lòt di: «Mwen pou Apolòs!» Èske se pa vre?
[5] Alò, kilès ki Pòl la? Oubyen, kilès ki Apolòs la? Se senpleman sèvitè yo ye. Se grasa yo, nou te vin kwè. E, sa se daprè jan Senyè a bay yo chak okazyon an.
[6] Mwen plante. Apolòs wouze. Men, se Bondye ki fè pouse.
[7] Donk, konsa, se pa ni sila ki plante a, ni sila ki wouze a ki kèk bagay, men, se Bondye ki fè pouse a.
[8] Moun ki plante a ak moun ki wouze a, yo fè yon sèl. E, yo chak ap resevwa pwòp rekonpans yo, daprè pwòp travay yo.
[9] Paske, se ouvriye Bondye, yo ye. Men, nou menm, nou se jaden Bondye, nou se bilding Bondye bati.
[10] Daprè gras, Bondye fè mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon enjenyè. Men, se yon lòt moun k ap bati sou li. Men tou, se pou chak moun fè atansyon ak jan y ap bati.
[11] Paske, pèsonn pa kapab poze yon lòt fondasyon pase sa yo te poze a, sa vle di: Jezi Kris.
[12] Men, sipoze se ak lò ak ajan ak wòch ki gen anpil valè ak bwa ak zèb, oubyen ak vantrès yon moun bati sou fondasyon sa a,
[13] ebyen, travay chak moun gen pou l parèt aklè. Vrèmanvre, jou a ap devwale li, paske, se nan dife, Bondye ap revele li. E, dife a ap teste kalite travay chak moun.
[14] Si travay moun nan bati sou fondasyon an kenbe, ebyen, l ap resevwa yon rekonpans.
[15] Men, si travay la boule, se moun nan k ap nan pèd. Li menm, l ap sove, men, se ap tankou yon moun ki chape nan yon dife.
[16] Èske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye epi Lespri Bondye a abite nan nou?
[17] Si yon moun kraze tanp Bondye a, ebyen, Bondye ap kraze moun sa a. Paske, tanp Bondye a sen, e se nou menm ki tanp lan.
[18] Pinga pèsonn twonpe tèt yo. Si youn nan nou panse li saj daprè sajès monn sa a, pito l vin fou pou li ka saj.
[19] Paske, sajès monn sa a se foli li ye devan Bondye. Vrèmanvre, men sa ki ekri: Li pran moun saj yo nan pwòp pèlen yo.
[20] Epi ankò: Senyè a konnen refleksyon moun saj yo, Li konnen yo san valè.
[21] Konsa, pinga pèsonn vante tèt yo nan lèzòm. Paske, tout bagay, se pou nou yo ye:
[22] Kit Pòl, kit Apolòs, kit Sefas, kit lemonn, kit lavi, kit lanmò, kit bagay kounye yo, kit bagay ki pral rive, yo tout se pou nou.
[23] E, nou menm, nou pou Kris. Epi, Kris pou Bondye.