Skip to content
Opens in a new window

[1] Konsènan bagay yo sakrifye bay zidòl, ebyen, nou konnen, nou tout, nou gen konesans. Men, konesans fè moun gonfle ak ògèy, alòske, lamou edifye moun.

[2] E, si yon moun panse li konnen kichòy, li poko konnen anyen nan jan li ta dwe konnen an.

[3] Men, yon moun ki renmen Bondye, Bondye konnen l tou.

[4] Donk, konsènan manje bagay yo sakrifye bay zidòl, nou konnen zidòl pa anyen vre nan monn sa a. Nou konnen tou, pa gen okenn lòt Bondye eskepte yon sèl.

[5] Vrèmanvre, ni nan syèl, ni sou latè, genyen plizyè swadizan bondye. Si se konsa, genyen anpil bondye ak anpil senyè vre.

[6] Men, malgre sa, pou nou menm, se yon sèl Bondye ki genyen: Se Papa a. Se li ki fè tout bagay, e se pou li nou ye. E, se yon sèl Senyè ki genyen: Se Jezi Kris. Se grasa li tout bagay fèt, e se grasa li nou fèt.

[7] Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen kèk moun, paske zidòl sou konsyans yo, se kòmsi se te manje sakrifis zidòl yo t ap manje pou jis kounye a. E, kòm konsyans yo fèb, sa sal konsyans yo.

[8] Men, se pa yon manje ki pou mennen nou devan Bondye. Paske, si nou manje, nou p ap gen anyen anplis. E, si nou pa manje, nou p ap gen anyen an mwens.

[9] Men tou, fè atansyon pou dwa sa a w genyen an pa tounen yon pyè d achopman pou moun ki fèb yo.

[10] Vrèmanvre, ou menm ki gen konesans lan, sipoze yon moun ta wè w sou tab nan yon tanp zidòl. Kòm li menm, li fèb, konsyans li ap ankouraje l al manje bagay yo sakrifye bay zidòl, pa vre?

[11] Konsa, poutèt konesans ou an, frè ki fèb la peri. Alòske, Kris mouri pou li.

[12] Lè nou peche konsa kont frè yo, lè nou blese konsyans yo ki fèb, se kont Kris nou peche.

[13] Se poutèt sa, si yon manje ka lakòz frè mwen chite, ebyen, mwen p ap janm manje vyann ditou, dekwa pou mwen pa lakòz frè mwen chite.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters