Skip to content
Opens in a new window

[1] Konsènan bagay espirityèl yo, frè mwen yo, mwen pa ta vle pou nou pa konnen yo.

[2] Lè nou te payen, nou rekonèt se devan zidòl bèbè, yo te konn trennen nou, nenpòt jan yo te vle dirije nou.

[3] Se poutèt sa m ap fè nou konnen, si yon moun se grasa Lespri Bondye l ap pale, li p ap di: «Malediksyon pou Jezi!» E, si se pa grasa Lespri Sen an tou, pèsonn pa ka di: «Jezi se Senyè.»

[4] Alò, gen divès kalite don, men, se menm Lespri a ki genyen.

[5] Gen divès kalite sèvis, men, se menm Senyè a ki genyen.

[6] E, gen divès kalite travay, men, se menm Bondye a k ap fè tout bagay travay nan tout moun.

[7] E, chak moun resevwa don Lespri a manifeste pou byen tout moun.

[8] Vrèmanvre, pou youn, se kapab pawòl sajès Lespri a ba li. Pou yon lòt, se kapab pawòl konesans. Men, se toujou grasa menm Lespri a.

[9] Pou youn, se kapab lafwa, grasa menm Lespri a. Pou yon lòt, se kapab don pou gerizon, grasa menm Lespri a.

[10] Pou youn, se kapab fè mirak; epi, pou yon lòt, se kapab pwofetize. Pou youn, se kapab konn rekonèt lespri, epi pou yon lòt se kapab pale an lang, epi pou yon lòt ankò, se kapab entèprete lang.

[11] Men, se yon sèl Lespri a, e se menm Lespri a, ki fè tout bagay sa yo travay. Li separe bay chak moun, jan li menm, li deside.

[12] Vrèmanvre, malgre yon kò gen plizyè manm, li se yon sèl kò. E, malgre tout manm kò a anpil, se yon sèl kò yo ye. Ebyen, se menm jan an tou pou Kris.

[13] Paske, kit nou se Juif, kit nou se Grèk, kit nou se esklav, kit nou lib, se grasa yon sèl Lespri nou te batize pou nou vin yon sèl kò. E, nou tout, se nan yon sèl Lespri a nou te bwè.

[14] Kifè tou, se pa yon sèl manm kò a genyen, men, se anpil.

[15] Sipoze pye ta di: «Poutèt se pa men mwen ye, mwen pa nan kò a.» Se pa sa k ap fè li pa nan kò a pou sa.

[16] Sipoze zòrèy ta di: «Poutèt se pa je mwen ye, mwen pa nan kò a.» Se pa sa k ap fè li pa nan kò a pou sa.

[17] Si tout kò a te je, ki kote n t ap tande? Si tout kò a te zòrèy, ki kote n t ap pran sant?

[18] Men, jan l ye kounye a, se Bondye ki mete chak manm yo nan kò a, jan Bondye te vle l la.

[19] Men, si yo tout te yon sèl kalite manm, kote kò a t ap ye?

[20] Men, jan l ye kounye a, genyen anpil manm, men, yo se yon sèl kò.

[21] Je pa ka di men: «Mwen pa bezwen w!» Oubyen ankò, tèt pa ka di pye: «Mwen pa bezwen w!»

[22] Toutokontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò a, yo nesesè tou.

[23] E, manm nou panse ki san onè nan kò a, se yo nou kouvri ak plis onè. Konsa, pati nan nou ki pa prezantab yo, se yo ki gen plis konsiderasyon.

[24] Alòske, pati nan nou ki prezantab yo, ebyen, yo pa bezwen sa. Kifè, Bondye ranje manm yo nan kò a pou sa ki manke onè yo, se yo menm yo bay plis onè.

[25] Konsa, p ap gen zizani nan kò a. Okontrè, manm yo ap chaje tèt yo, menm jan, youn pou lòt.

[26] Si yon manm ap soufri, tout manm yo ap soufri ansanm avè l. E, si yon manm resevwa lwanj, tout manm yo ap rejwi ansanm avè l.

[27] Ebyen, nou menm, se kò Kris nou ye, e nou chak apa se yon manm.

[28] E, se Bondye ki mete moun legliz. An premye, se apot. An dezyèm, se pwofèt. An twazyèm, se anseyan. Apre sa, se don pou fè mirak. Epi, se don pou gerizon, don pou ede, don pou administre, don pou pale an lang.

[29] Se pa yo tout ki apot, pa vre? Se pa yo tout ki pwofèt, pa vre? Se pa yo tout ki anseyan, pa vre? Se pa yo tout ki fè mirak, pa vre?

[30] Se pa yo tout ki gen don gerizon, pa vre? Se pa yo tout ki pale an lang, pa vre? E, se pa yo tout ki ka entèprete, pa vre?

[31] Don ki pi bon yo, se yo pou nou anvi. Bon, kounye a, mwen pral montre nou yon chemen ki depase yo tout.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters