Skip to content
Opens in a new window

[1] Bon, èske m pa apot? Èske m pa lib? Mwen te wè Senyè nou an Jezi Kris, pa vre? E, travay mwen nan Senyè a se nou menm, pa vre?

[2] Si pou lòt moun, mwen pa apot, men, pou nou menm, se apot mwen ye. Paske, nan Senyè a, se nou ki sètifika m, pou fonksyon apot la.

[3] Se konsa mwen defann tèt mwen kont moun k ap plede jije m yo.

[4] Èske nou pa gen dwa manje ak bwè?

[5] Èske nou pa gen menm dwa ak lòt apot yo ak tout frè Senyè a, epi ak Sefas, kòmkwa pou yon sè ki madanm nou vwayaje avèk nou?

[6] Oubyen, èske se sèlman mwen menm ak Banabas ki pa gen dwa rete san nou pa travay?

[7] Èske salè yon sòlda janm sou kont li? Moun janm plante rezen epi pou l pa gen dwa manje rezen an? Oubyen, èske yon moun ka ap pran swen mouton epi pou l pa ka bwè lèt mouton yo?

[8] Alò, èske se daprè otorite lèzòm m ap di bagay sa yo? Lalwa di bagay sa yo tou, pa vre?

[9] Vrèmanvre, men sa ki ekri nan lwa Moyiz la: «Pa bay bèf k ap dekòtike grenn baboukèt.» Èske se pou bèf Bondye ap chaje tèt li, oubyen, èske se pou nou sèl l ap pale?

[10] Vrèmanvre, se poutèt nou menm yo te ekri l. Paske, moun k ap raboure tè a dwe raboure avèk espwa. E, moun k ap dekòtike a dwe dekòtike avèk espwa l ap patisipe nan rezilta espwa l la.

[11] Si se nou menm ki simen bagay espirityèl pami nou, èske se yon gwo afè si se nou menm tou ki rekòlte bagay materyèl nou yo?

[12] Si lòt moun patisipe nan dwa sa a sou nou, nou menm, nou gen plis dwa, pa vre? Men, nou pa sèvi ak dwa sa a. Okontrè, nou sibi tout bagay, dekwa pou nou pa mete barikad pou levanjil Kris la.

[13] Moun k ap fè sèvis tanp lan, se bagay tanp lan yo manje. E, moun k ap okipe lotèl la, yo gen pa yo nan sa ki sou lotèl la. Nou konnen sa, pa vre?

[14] Konsa tou, Senyè a kòmande pou moun k ap anonse levanjil la viv sou kont levanjil la.

[15] Epoutan, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. E, se pa pou yo ka fè bagay konsa pou mwen, ki fè m ap ekri bagay sa yo. Paske, m ta pito mouri, pase pou yon moun ta wete lwanj mwen sa a.

[16] Vrèmanvre, anonse levanjil la pa yon lwanj pou mwen. Paske, se yon obligasyon Bondye mete sou mwen. E, malè pou mwen si mwen pa anonse levanjil la.

[17] Vrèmanvre, si se mwen ki vle fè li, mwen genyen yon salè. Men, si se kont mwen menm, mwen fè li, se ap yon responsablite yo konfye mwen.

[18] Donk, kisa ki salè mwen? Men li: Lè m ap anonse levanjil la, se pou m ofri levanjil Kris la gratis, san mwen pa sèvi ak dwa mwen genyen pou m sou kont levanjil la.

[19] Paske, malgre mwen lib parapò ak tout moun, mwen fè tèt mwen esklav tout moun, dekwa pou m ka sove pi plis moun.

[20] Konsa, avèk Juif yo, mwen vin tankou Juif, dekwa pou m ka sove Juif yo. Avèk moun ki sou lalwa, mwen vin tankou moun ki sou lalwa, dekwa pou m ka sove moun ki sou lalwa.

[21] Avèk moun ki san lalwa, mwen vin tankou moun ki san lalwa, dekwa pou m ka sove moun ki san lalwa. Men, malgre sa, mwen menm, mwen pa san lwa Bondye, paske, mwen sou lwa Kris la.

[22] Avèk moun ki fèb yo, mwen vin tankou moun fèb, dekwa pou m ka sove moun ki fèb yo. Mwen vin tout bagay pou tout moun, dekwa pou tout jan mwen ka sove kèk.

[23] E, mwen fè tout sa, poutèt levanjil la, dekwa pou m ka patisipe ladan l.

[24] Lè moun ap kouri nan yon kous, tout kouri, men, se yon sèl ki resevwa premye pri a. Nou konnen sa, pa vre? Ebyen, kouri menm jan an, dekwa pou nou ka ranpòte li.

[25] Tout moun ki antre nan yon konpetisyon disipline tèt yo tout jan. Yo menm, yo fè sa pou yo ka resevwa yon kouwòn ki ka fennen. Men, pou nou menm, se pou nou ka resevwa yon kouwòn ki pa ka fennen.

[26] Donk, mwen menm, se konsa m ap kouri, men, se pa vaykevay. E, se konsa m ap goumen, men, se pa kòmsi se nan van m ap tire kout pwen.

[27] Okontrè, mwen aji di ak kò mwen, mwen fè l esklav mwen, dekwa pou lè m fin preche lòt moun, pou se pa mwen menm ki elimine.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters