[1] Reyèlman, yo di genyen imoralite pami nou. E se yon kalite imoralite yo pa jwenn menm pami payen yo, kote yon nonm ap viv ak madanm papa l.
[2] Epi, nou menm, olye nou kriye pou nou ta wete moun ki fè travay sa a nan mitan nou, se ògèy n ap fè.
[3] Paske, mwen menm, mwen pa kote nou nan kò m, men mwen la nan lespri m. E, moun ki fè zak sa a, mwen deja jije li kòmsi mwen te kote nou.
[4] Donk, nan non Senyè nou an Jezi Kris, epi avèk pisans Senyè nou an Jezi Kris, lè nou menm avèk lespri mwen reyini ansanm,
[5] se pou n livre yon moun konsa bay Satan pou Satan detui kò a. Konsa, lespri a va sove nan jou Senyè nou an, Jezi.
[6] Vante n ap vante tèt nou an pa bon. Nou konnen se yon ti kras ledven ki fè tout pat la leve, pa vre?
[7] Kòm se moun san ledven nou ye, netwaye tèt nou anba vye ledven an pou nou ka yon pat ki nouvo. Paske, yo te krisifye mouton Pak nou an pou nou, ki vle di Kris.
[8] Donk, annou fete fèt la! E, se pa ni avèk vye ledven an, ni avèk ledven malfezans lan ak ledven mechanste a pou n fete l, men, se avèk pen san ledven yo, ki se kè sensè ak laverite.
[9] Mwen te ekri nou nan lèt la pou nou pa mele ak moun imoral.
[10] Alò, se pa nan tout bagay pou n pa mele ak moun imoral ki nan lemonn yo, oubyen ak moun ki ava yo, oubyen ak moun ki rapas yo, oubyen ak moun k ap sèvi zidòl yo. Osinon, se sou latè pou n ta soti.
[11] Kounye a, men sa mwen te vle ekri nou: Si yon moun rele tèt li frè, alòske li se yon moun imoral, oubyen yon moun ava, oubyen yon moun k ap sèvi zidòl, oubyen yon jouradò, oubyen yon tafyatè, oubyen yon rapas, pa mele ak yon moun konsa; pa menm manje avè l.
[12] Vrèmanvre, kisa m ap jwenn nan jije moun deyò yo? Se jij moun andedan yo nou ye, pa vre?
[13] Kòmkidire: Mete mechan an deyò pami nou. Men, moun deyò yo, se Bondye ki jij yo!