[1] Se pou nou youn kontinye renmen lòt tankou frè.
[2] Pa bliye pou nou byen resevwa etranje. Paske, nan konsa, kèk moun te resevwa zanj lakay yo san yo pa konnen.
[3] Sonje moun nan prizon yo tankou si nou te nan prizon ansanm avèk yo. Sonje moun y ap maltrete yo tankou si, nou menm tou, nou te nan yon kò y ap maltrete.
[4] De tout fason, respekte maryaj. Epi, rete fidèl ak kabann maryaj la. Paske, Bondye ap jije ni moun ki nan imoralite, ni moun ki nan adiltè.
[5] Pa viv pou lajan. Se pou nou kontante ak sa nou posede. Paske, se Bondye menm ki di: Mwen p ap janm lage w, mwen p ap janm kite w nonplis.
[6] Konsa, nou pran kouraj pou nou di: Se Senyè a k ap ede m, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
[7] Sonje dirijan nou yo, sa yo ki te preche nou pawòl Bondye a. Obsève sa lavi yo devni, epi imite yo jan lafwa yo te ye a.
[8] Jezi Kris se menm Jezi Kris la, ni yè, ni jodi a, ni pou letènite.
[9] Pa kite y ap detounen nou ak yon bann ansèyman dwòl. Paske, li bon pou se gras ki fè kè nou fèm olye pou se manje. Moun ki t ap mache daprè afè manje sa yo pa t benefisye anyen nan sa.
[10] Nou genyen yon lotèl kote moun ki fè sèvis pou Bondye nan tabènak la pa gen dwa manje sa ki sou li.
[11] Paske, sakrifikatè an chèf la pote san bèt nan Chanm Pi Sakre a poutèt peche. Men, se deyò kan an yo boule kò bèt yo.
[12] Se poutèt sa, pou Jezi te ka sangtifye pèp la avèk pwòp san l, li te soufri lòt bò pòtay la tou.
[13] Donk, annou soti al kote l deyò kan an pou nou pote avilisman l lan.
[14] Paske, isiba, nou pa gen yon vil ki etènèl. Okontrè, n ap chèche vil ki pral vini an.
[15] Donk, grasa Jezi, annou toujou ofri Bondye lwanj kòm sakrifis, sa vle di, pou se non Bondye, pawòl ki sot nan bouch nou ap deklare.
[16] Men tou, pa bliye fè byen, pa bliye bay moun èd. Paske, se kalite sakrifis sa yo ki fè Bondye plezi.
[17] Se dirijan nou yo k ap veye sou nanm nou, e y ap gen pou yo rann Bondye kont. Donk, obeyi yo, epi, soumèt devan yo, dekwa pou yo ka fè travay yo nan lajwa, san plenyen. Si se pa konsa, sa p ap nan avantaj nou.
[18] Priye pou nou. Kanta pou nou menm, nou gen konfyans, konsyans nou klè, paske nou vle konpòte tèt nou byen nan tout bagay.
[19] Men, m ap ankouraje nou anpil pou nou fè priyè sa a, dekwa pou mwen ka refè pou mwen ka avèk nou talè konsa.
[20] Se pou Bondye ki bay lapè a, Bondye ki te fè Gran Bèje mouton yo monte sot pami mò yo grasa san alyans ki etènèl la, Bondye ki te resisite Jezi Senyè nou an,
[21] wi, se pou Bondye sa a fòme nou nan tout bon travay, dekwa pou nou ka fè volonte li. Se pou li akonpli tout sa ki fè l plezi nan nou, grasa Jezi Kris, li menm ki gen tout glwa pou le tan e letènite. Amèn!
[22] Frè mwen yo, m ap ankouraje nou aksepte egzòtasyon sa a, paske se yon bagay tou kout, mwen ekri nou.
[23] Konnen yo lage frè Timote. Si talè konsa li ta vini, m ap vin wè nou avèk li.
[24] Salye tout dirijan nou yo ansanm avèk tout sen yo. Moun ki sot ann Itali yo voye salye nou.
[25] Gras Bondye avèk nou tout. Amèn!