Skip to content
Opens in a new window

[1] Dayè, lalwa se lonbraj bon bagay ki te gen pou vini yo. Li pa fòm reyèl la. Kifè, li pa t ap janm kapab fè moun k ap pwoche kote Bondye yo vin total, paske se menm sakrifis yo, yo t ap ofri ane apre ane, san rete.

[2] Si se pa t sa, yo ta sispann ofri sakrifis yo, pa vre? Paske, lè sa a, sakrifis yo ta sangtifye moun k ap sèvi Bondye yo, yon fwa pou tout. E konsa, moun yo pa t ap gen okenn peche sou konsyans yo ankò.

[3] Okontrè, se sakrifis yo menm ki fè moun yo sonje peche yo, ane apre ane.

[4] Paske, li enposib pou san towo bèf ak san bouk kabrit wete peche.

[5] Se poutèt sa, lè Kris t ap antre nan monn sa a, li di: Se pa t sakrifis ak ofrann ou te vle, Men se yon kò ou te prepare pou mwen.

[6] Se pa t nan ofrann olokos ak nan sakrifis pou peche, ou te pran plezi.

[7] Alò, mwen di: «O Bondye! Gade! Map vini pou mwen fè volonte w. Nan woulo liv la, se konsènan mwen menm yo ekri.»

[8] Premye bagay li di a se: «Sakrifis ak ofrann epi ofrann olokos ak sakrifis pou peche, ou pa t ni vle yo, ni pran plezi nan yo.» Epoutan, daprè lalwa, se bagay sa yo menm, moun yo te ofri.

[9] Men, apre sa, li di: «O Bondye! Gade! M ap vini pou mwen fè volonte w.» Konsa, li elimine premye a pou li tabli dezyèm nan.

[10] Se grasa volonte sa a, kote Jezi Kris te ofri kò li yon fwa pou tout la, ki fè Bondye sangtifye nou.

[11] Se jou apre jou, tout sakrifikatè yo te konn kanpe pou yo fè sèvis pou Bondye. E, se menm sakrifis yo, yo te toujou ap ofri, malgre yo pa t janm kapab wete peche.

[12] Alòske, Sakrifikatè sa a, se yon sèl sakrifis li ofri pou peche. Apre sa, li chita adwat Bondye pou tout tan.

[13] Kounye a, l ap tann Bondye fè lènmi li yo tounen yon machpye anba pye li.

[14] Paske, li fè moun li sangtifye yo vin total pou tout tan, grasa yon sèl ofrann.

[15] Epi, Lespri Sen an temwaye sa ban nou tou. Paske, toudabò, li di:

[16] Senyè a di: «Men ki alyans m ap fè ak yo: Apre jou sa yo, M ap mete lwa mwen yo nan kè yo. Epi, m ap ekri yo nan lide yo.»

[17] Apre sa li di: «E, ni peche yo, ni rebelyon yo, Mwen p ap sonje yo ditou.»

[18] E, kote gen padon pou bagay sa yo, pa bezwen gen ofrann pou peche ankò.

[19] Kifè, frè nou yo, grasa san Jezi, nou gen asirans nou ka antre nan Chanm Pi Sakre a,

[20] sou chemen ki nèf epi ki vivan li ouvri pou nou nan rido a, sa vle di nan kò li.

[21] Epitou, nou gen yon gran sakrifikatè ki tabli sou kay Bondye a.

[22] Donk, annou pwoche kote Bondye avèk yon kè sensè, nan yon lafwa total. Paske, li pirifye kè nou anba move konsyans, e li lave kò nou avèk dlo pwòp.

[23] Annou kenbe esperans nou te deklare a fèm, san brannen. Paske, sila ki fè pwomès la fidèl.

[24] Epitou, annou egzamine jan pou nou youn egzòte lòt nan renmen moun epi nan fè bon zèv.

[25] Men, fòk nou pa sispann reyini ansanm, jan kèk moun pran abitid pa reyini ansanm nan. Okontrè, se pou nou youn egzòte lòt, sitou kounye a, kote nou wè jou a pre rive.

[26] Paske, si nou fin resevwa konesans nan verite a epi nou rete kareman, nou fè peche, ebyen, pa rete okenn sakrifis ki ka fèt pou peche yo ankò.

[27] Men, sa ap terib pou nou, kote se tann n ap tann jijman ak yon dife dechennen, ki pral devore moun rebèl yo.

[28] Lè yon moun te vyole lwa Moyiz la, yo te tiye l san pitye, sou depozisyon de oubyen twa temwen.

[29] E lè yon moun, se Pitit Bondye a li pase anba pye l, se san alyans lan, san ki sangtifye l la, li konsidere tankou yon bagay òdinè, epi se Lespri ki bay gras la li avili, èske nou pa panse se va yon pi gwo chatiman toujou moun sa a ap merite?

[30] Dayè, nou konnen kilès ki di: «Se mwen ki pou tire revanj. M ap fè regleman.» Se sa Senyè a di. Li di ankò: «Senyè a ap jije pèp li a.»

[31] Aa! Se yon bagay terib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!

[32] Men, sonje premye jou yo lè Bondye te fin klere nou an. Nou te debat anpil anba soufrans nou te andire yo.

[33] Yon bò, se teyat nou te tounen anba avilisman ak tribilasyon. E, yon lòt bò, nou te asosye tèt nou ak moun, yo t ap trete menm jan an.

[34] Vrèmanvre, nou te soufri ansanm ak moun ki te nan prizon yo. Moun sezi byen nou, e nou te aksepte sa avèk lajwa, paske nou konnen genyen pi bon byen pou nou nan syèl la. E y ap toujou rete.

[35] Donk, pa lage asirans nou an. Se yon gwo rekonpans ki genyen ladan l.

[36] Vrèmanvre, nou bezwen andirans dekwa pou, lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa li pwomèt la.

[37] Paske, nan yon ti tan tou piti ankò, Sila ki pou vini an ap vini. E li p ap mize.

[38] Men, yon moun ki jis, se grasa lafwa li va viv. E si l fè bak, Nanm mwen p ap pran plezi nan li.

[39] Men, nou menm, nou pa kalite moun k ap fè bak pou peri yo. Okontrè, nou se moun ki gen lafwa pou pwoteksyon nanm nou.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters