Skip to content
Opens in a new window

[1] Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezi Kris. Douz tribi ki nan dyaspora yo, bonjou!

[2] Frè mwen yo, lè nou tonbe nan divès kalite eprèv, konsidere sa tankou yon lajwa total.

[3] Paske, nou konnen lè eprèv teste lafwa nou, rezilta a se andirans.

[4] Men, fòk andirans lan fè yon travay total pou nou ka total, toutantye, san manke anyen.

[5] Men, si youn nan nou manke sajès, se pou li mande Bondye ki bay tout moun san mezi, san repwòch. E Bondye va ba li l.

[6] Men, se pou li mande ak lafwa, san li pa doute. Paske, yon moun k ap doute, li tankou yon lanm lanmè, van ap ni boulvèse, ni balanse.

[7] Epitou, yon moun konsa pa dwe panse l ap resevwa anyen nan men Senyè a.

[8] Li se yon moun de lide; li san kontwòl nan tout chemen lavi li.

[9] Se pou frè ki malere vante tèt yo dèske yo nan yon kondisyon ki wo.

[10] Men, se pou moun ki rich vante tèt yo dèske yo nan yon kondisyon ki ba. Paske, yo va pase tankou flè zèb.

[11] Vrèmanvre, solèy la leve ak chalè, li seche zèb la. Flè a tonbe. Epi, bèlte aparans li detui. Se konsa tou, moun rich la va fennen nan mitan biznis li.

[12] Ala byennere yon moun byennere lè li kenbe fèm anba tantasyon! Paske, si li reyisi nan eprèv la, l ap resevwa kouwòn lavi a, kouwòn Bondye pwomèt moun ki renmen l yo.

[13] Pèsonn moun ki tante pa dwe di: «Se Bondye k ap tante m!» Paske, bagay mal pa kapab tante Bondye. E, Bondye li menm pa tante pèsonn.

[14] Men, se pwòp dezi chak moun ki tante li. Yo rale li. Yo chame li.

[15] Apre sa, lè dezi a ansent, li akouche peche. E, lè peche fin devlope, li fè lanmò.

[16] Frè byenneme mwen yo, pa twonpe tèt nou.

[17] Tout bon zetrenn ak tout kado total soti anwo. Yo desann soti kote Papa ki fè limyè yo. Nan li, pa gen ni chanjman, ni mouvman lonbraj.

[18] Li fè nou daprè volonte li ak pawòl verite a, dekwa pou nou kapab yon kalite premye fwi pami sa li kreye yo.

[19] Donk, frè byenneme mwen yo, chak moun dwe prese koute. Yo pa dwe ni kouri pale, ni kouri fè kòlè.

[20] Paske, se pa kòlè moun ki fè travay jistis Bondye.

[21] Poutèt sa, debarase kè nou avèk tout salte ak tout rès mechanste. Resevwa pawòl ki plante nan kè nou an avèk dousè. Li kapab sove nanm nou.

[22] Obeyi pawòl la, pa rete koute l sèlman. Si se pa sa, se tèt nou n ap twonpe.

[23] Paske, si yon moun koute pawòl la san li pa obeyi, moun sa a tankou yon moun ki egzamine eta figi l nan yon glas.

[24] Vrèmanvre, li egzamine tèt li, li vire, l ale. Menm lè a tou, li bliye ak kisa li sanble.

[25] Men, si yon moun byen gade nan lwa total la, lwa ki bay libète a, si li pèsevere ladan l, si moun sa a pa koute pou li bliye, men si li fè travay la, ebyen, moun sa a ap byennere nan sa l ap fè.

[26] Si youn nan nou panse l ap fè sèvis relijyon epi li pa bride lang li, se kè li l ap twonpe. Sèvis relijyon l lan san valè.

[27] Men sèvis relijyon ki pwòp epi ki san tach devan Bondye Papa a: Se ede òfelen ak vèv nan tribilasyon yo, se kenbe tèt nou san tach nan lemonn.

Lèt apot Jak te ekri a — Chapters