Skip to content
Opens in a new window

[1] Vrèmanvre, chak sakrifikatè an chèf yo chwazi pami lèzòm, yo plase l kòm yon moun ki pou reprezante lèzòm nan sèvis Bondye, dekwa pou li ofri ofrann ak sakrifis pou peche.

[2] Konsa, li kapab pran pasyans ak moun ki san konesans epi ak moun ki nan erè, paske li menm tou, se menm feblès yo k ap liyen li.

[3] Se poutèt sa tou, menm jan li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, li oblije fè sa pou tèt pa l tou.

[4] Epitou, pèsonn pa kapab chwazi bay tèt li onè pozisyon sa a. Men, se Bondye ki pou rele l, menm jan se li ki te rele Aawon an.

[5] Konsa tou, se pa Kris ki te bay tèt li glwa pou l vin sakrifikatè an chèf, men se sila a ki te di li: Ou se pitit mwen. Mwen menm, jodi a, mwen ba ou nesans.

[6] Menm jan an tou, yon lòt kote ankò, li di: Ou se sakrifikatè pou letènite Nan menm ran ak Mèlkizedèk.

[7] E, Kris sa a, nan epòk li te an chè e ann òs la, li te prezante priyè ak siplikasyon bay sila ki te kapab sove l anba lanmò a; li te prezante yo ak gwo rèl epi ak gwo kriye. E, akòz krentif li, Bondye tande l.

[8] Kifè, malgre se li ki Pitit la, li te aprann obeyisans nan sa l te soufri yo.

[9] E, lè li te vin total, li tounen yon sous delivrans etènèl pou tout moun ki obeyi li,

[10] paske Bondye pwoklame l sakrifikatè an chèf nan menm ran ak Mèlkizedèk.

[11] Sou kesyon sa a, pawòl nou anpil. E li difisil pou nou esplike nou yo, paske nou vin lou pou nou tande.

[12] Vrèmanvre, depi tan sa a, se pwofesè nou te dwe ye. Olye sa, se bezwen nou bezwen pou yo anseye nou bagay preliminè ankò, bagay lè moun fèk kòmanse ak pawòl Bondye a. Wi, se lèt nou bezwen, se pa gwo manje.

[13] Paske, tout moun ki nan pran lèt, yo san eksperyans nan pawòl jistis la, paske se tibebe yo ye.

[14] Men, gwo manje se pou moun ki fin devlope, moun ki tèlman fè pratik, yo antrene sans yo pou yo fè diferans ant byen ak mal.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters