Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, ann kite bagay lè moun fèk kòmanse ak pawòl Kris la. Ann vanse sou bagay ki pou moun devlope, san nou pa poze fondasyon an ankò, fondasyon ki se repantans parapò ak travay ki initil, lafwa nan Bondye,

[2] ansèyman sou batèm ak poze men sou tèt moun, rezirèksyon pami mò ak jijman etènèl.

[3] Si Bondye pèmèt nou sa, se sa n ap fè.

[4] Paske, kanta pou moun ki te jwenn limyè a yon fwa, moun ki te goute kado ki sot nan syèl la, moun ki vin asosye ak Lespri Sen an,

[5] moun ki goute bon pawòl Bondye a ak pisans monn ki pral vini an,

[6] epi ki tonbe, ebyen, li pa posib pou yo renouvle repantans yo ankò. Paske, yo krisifye Pitit Bondye a ankò pou tèt pa yo, epi yo avili l.

[7] Vrèmanvre, lè yon tè ap bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, epi li donnen plant ki itil pou moun k ap kiltive l la, tè sa a resevwa yon benediksyon nan men Bondye.

[8] Men, si se pikan ak pengwen ki pouse sou li, ebyen, yo rejte l; yo prèt pou yo modi l; finalman, y ap boule l.

[9] Malgre se konsa n ap pale, men nan ka pa nou an, nou menm byenneme nou yo, nou gen konfyans genyen pi bon bagay, bagay ki an rapò avèk delivrans.

[10] Paske, Bondye pa enjis pou li ta bliye kòman nou montre lamou nou pou non li nan travay ak zèv nou fè yo, kote nou te rann sen yo sèvis, e n ap rann yo sèvis toujou.

[11] Men, mwen menm ak lòt yo, nou ta anvi pou nou chak montre menm dilijans sa a, dekwa pou esperans nou an ka total jiska lafen.

[12] Sa va anpeche nou vin lou. Okontrè, n a vin imite moun ki resevwa pwomès yo kòm eritaj, grasa lafwa yo ak pasyans yo.

[13] Vrèmanvre, lè Bondye te fè Abraam pwomès la, li te jire devan pwòp tèt li, paske pa gen pèsonn ki pi enpòtan pase l pou li ta jire devan moun sa a.

[14] Alò, Bondye te di: «Se sèten, m ap beni ou. M ap miltipliye desandans ou.»

[15] Konsa, Abraam pran pasyans, epi li jwenn sa Bondye te pwomèt li a.

[16] Vrèmanvre, lè lèzòm ap jire, yo fè sa devan moun ki pi enpòtan pase yo. E sèman an se yon garanti pou yo, ki fè tout diskisyon fini.

[17] Nan sans sa a, Bondye te tèlman vle montre eritye pwomès yo kòman plan l pa ka chanje, li garanti pwomès la ak yon sèman.

[18] Konsa, vin gen de bagay ki pa kapab chanje pou montre Bondye pa kapab manti. Kifè, nou menm ki kenbe esperans Bondye mete devan nou an kòm pwoteksyon, nou gen yon gwo ankourajman.

[19] Esperans sa a kore nanm nou tankou yon lank batiman. Li solid, li fèm, li antre jis dèyè rido,

[20] kote Jezi antre anvan nou an epi pou nou an. Paske, li te vin sakrifikatè an chèf pou letènite, nan menm ran ak Mèlkizedèk.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters