[1] Vrèmanvre, Mèlkizedèk sa a te wa Salèm, li te sakrifikatè Bondye Trè Wo a. Se li menm ki te al rankontre Abraam lè Abraam t ap retounen sot detui wa yo epi ki te beni Abraam nan.
[2] Se li Abraam te bay ladim sou tout bagay la. Toudabò, sans non li se Wa ki bay Jistis. Men, an menm tan tou, li te wa Salèm, ki vle di, Wa ki bay Lapè.
[3] Li parèt san papa, san manman, san orijin, san kote jou l kòmanse, ni kote lavi l fini. Bondye fè l sanble ak Pitit Bondye a. Kifè, Mèlkizedèk sa a rete sakrifikatè pou tout tan.
[4] Men, konsidere kòman li enpòtan! Paske, Abraam li menm ki se yon patriyach, se Mèlkizedèk li bay ladim sou bagay li te sezi yo.
[5] Desandan Levi yo, yo menm, lè yo resevwa pozisyon sakrifikatè, yo gen yon kòmandman nan lalwa pou yo pran ladim nan men pèp la, sa vle di, nan men pwòp frè yo, malgre se nan ren Abraam yo soti tou.
[6] Alòske, Mèlkizedèk ki pa gen menm orijin avèk yo, li pran ladim nan men Abraam. E li beni Abraam, menm Abraam sa a ki te resevwa pwomès la.
[7] San okenn diskisyon, se sa ki siperyè ki beni sa ki enferyè.
[8] Epitou, sou yon bò, se moun ki ka mouri k ap resevwa ladim, alòske sou yon lòt bò, se youn yo deklare ki vivan k ap resevwa l.
[9] Nan yon sans, nou ka di, menm Levi ki resevwa ladim nan, li te bay ladim tou nan Abraam.
[10] Paske, se nan ren papa l li te ye, lè Mèlkizedèk te al rankontre papa a.
[11] Kounye a, lwa Bondye te bay pèp la, se sou sasèdòs Levi a li te poze. Donk, si bagay yo te vin total grasa sasèdòs Levi a, poukisa se yon lòt sakrifikatè ki nan ran Mèlkizedèk ki te bezwen parèt? Pouki yo pa t nonmen youn nan ran Aawon?
[12] Kòmkidire, depi gen chanjman sasèdòs, sètoblije gen chanjman lwa tou.
[13] E, vrèmanvre, sila bagay sa yo konsène a te manm yon lòt tribi, yon tribi kote pèsonn pa t nan sèvis lotèl la.
[14] Paske, sa klè, Senyè nou an se nan tribi Jida li soti. E se yon tribi Moyiz pa di anyen sou li konsènan sasèdòs.
[15] E sa pi klè toujou kote lòt sakrifikatè ki parèt la se menm jan ak Mèlkizedèk li ye.
[16] Li pa vin sakrifikatè daprè lwa ki gen kòmandman ki an rapò ak moun, men li vini sakrifikatè daprè pisans yon lavi ki pa ka sispann.
[17] Men sa yo temwaye de li: Ou se sakrifikatè pou letènite, Nan menm ran ak Mèlkizedèk.
[18] Kifè, sou yon bò, kòmandman ki te la anvan an vin anile poutèt li te fèb epi li te initil.
[19] E, vrèmanvre, lalwa pa fè anyen vin total. Men, yon lòt bò, se yon pi bon esperans ki ranplase l. E, grasa esperans sa a, nou ka pwoche kote Bondye.
[20] E, se pa t san sèman sa te rive.
[21] Vrèmanvre, lòt sakrifikatè yo vin sakrifikatè san sèman. Alòske, Jezi, li menm, se te avèk sèman sila a ki te di li: Senyè a jire, E li p ap chanje lide: Ou se sakrifikatè pou letènite, Nan menm ran ak Mèlkizedèk.
[22] Se sa menm ki fè Jezi vin yon garanti pou yon pi bon alyans.
[23] Epitou, te gen anpil sakrifikatè, paske lanmò te anpeche yo rete nèt nan pozisyon an.
[24] Alòske pou Jezi li menm, sasèdòs li a pa ka chanje, paske Jezi la pou l rete pou letènite.
[25] Se sa k fè tou, moun ki pwoche kote Bondye grasa Jezi, Jezi kapab sove yo nèt, paske l ap toujou vivan pou li plede pou yo.
[26] Dayè, se kalite sakrifikatè an chèf sa a ki te konfòm pou nou. Li sen, li inosan, li san salte, li egzante tèt li ak moun ki pechè, epi li plase pi wo pase syèl la.
[27] Li pa tankou sakrifikatè an chèf yo. Sa vle di, li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l an premye epi, apre sa, pou peche pèp la. Paske, lè li te ofri tèt li a, li te fè sa yon fwa pou tout.
[28] Paske, se moun ki gen feblès, lalwa plase kòm sakrifikatè an chèf. Alòske, pawòl sèman ki te fèt apre lalwa te parèt la, se Pitit la li tabli, li menm ki total pou letènite.