Skip to content
Opens in a new window

[1] Kifè, frè mwen yo, nou menm ki sen, nou menm ki konpayon mwen nan apèl ki sot nan syèl la, egzamine Jezi Kris, li menm ki se apot ak sakrifikatè an chèf pou lafwa nou te deklare a.

[2] Menm jan Moyiz te fidèl nan tout kay Bondye a, se konsa tou Jezi te fidèl anvè sila ki te mete l nan pozisyon an.

[3] Vrèmanvre, menm jan yon moun ki bati yon kay gen plis onè pase kay la, se konsa tou Bondye konsidere Jezi merite plis glwa pase Moyiz.

[4] Paske, se moun ki bati tout kay. Men, se Bondye ki bati tout bagay.

[5] Moyiz li menm te fidèl nan tout kay Bondye a, tankou yon sèvitè ki pou temwaye pawòl Bondye t apral pale yo.

[6] Alòske, Kris li menm te fidèl nan kay li tankou yon pitit. E se nou menm ki kay sa a, depi nou kenbe fèm jiska lafen nan asirans ak nan esperans ki fè nou fè lwanj tèt nou an.

[7] Donk, se menm jan Lespri Sen an di l la: Jodi a, si nou tande vwa li,

[8] Pa fè rèd nan kè nou, Menm jan ak lè ki te gen rebelyon an, Nan jounen yo te tante Bondye nan dezè a.

[9] Nan dezè a, zansèt nou yo tante mwen, Yo teste mwen, e pandan karantan, yo wè travay mwen fè.

[10] Donk, mwen te fache sou jenerasyon moun sa yo, Epi mwen te di: «Kè yo toujou nan erè, E yo pa rive konnen chemen mwen yo.»

[11] Menm jan mwen te sèmante nan kòlè m nan: «Yo p ap janm antre nan repo m nan!»

[12] Frè mwen yo, fè atansyon pou okenn nan nou pa gen yon kè ki kòwonpi epi ki san lafwa, jiskaske pou nou ta kite Bondye vivan an.

[13] Okontrè, se pou nou egzòte tèt nou chak jou, dekwa pou peche pa twonpe okenn nan nou pou l ta fè nou fè rèd nan kè nou. Fè sa toutotan okazyon an se tankou okazyon Lespri Sen an rele «Jodi a.»

[14] Paske, nou vin asosye ak Kris, si vrèmanvre nou kenbe asirans nou te genyen o kòmansman an fèm jiska lafen.

[15] Daprè sa ki te di: Jodi a, si nou tande vwa li, Pa fè rèd nan kè nou Menm jan ak lè ki te gen rebelyon an.

[16] Vrèmanvre, kilès ki te fè rebèl lè yo te tande l la? Se tout moun Moyiz te mennen sot ann Ejip yo, pa vre?

[17] E, sou kilès Bondye te fache pandan karantan an? Se sou moun ki te peche yo, moun kadav yo tonbe nan dezè a, pa vre?

[18] Epitou, kilès Bondye te sèmante yo p ap antre nan repo l la? Èske se pa moun ki te dezobeyi yo?

[19] Alò, sa nou wè, sèke yo pa t kapab antre akòz yo te san lafwa.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters