[1] Se poutèt sa, fòk nou bay sa nou te tande yo plis atansyon toujou, dekwa pou anyen pa bwote nou lwen yo.
[2] Paske, si pawòl zanj yo te pale yo te jwenn konfimasyon yo, epi si tout vyolasyon lalwa ak tout dezobeyisans te resevwa yon pinisyon ki jis,
[3] alò, nou menm, kòman n ap fè chape si nou meprize kalite gwo delivrans sa a? Senyè a te anonse menm delivrans sa a o kòmansman. Moun ki te tande l yo konfime l ban nou.
[4] Epi, Bondye sètifye temwayaj yo a ak mirak siy ak mèvèy ak divès mirak, epi ak don Lespri Sen yo, daprè volonte li.
[5] Vrèmanvre, se pa anba zanj, Bondye te soumèt monn ki pral vini an, monn n ap pale de li a.
[6] Men, gen yon kote yon moun bay temwayaj sa a. Li di: Kisa lòm ye konsa pou w ta sonje li? Kisa pitit lèzòm ye pou w ta pran ka li?
[7] Ou fè li enferyè zanj yo pou yon ti tan. Ou ba li glwa ak onè kòm kouwòn. Ou tabli li sou travay men ou fè.
[8] Ou soumèt tout bagay anba pye li. Vrèmanvre, nan soumèt Bondye soumèt tout bagay anba l la, pa gen anyen Bondye kite san l pa soumèt yo anba l. Epoutan, kounye a, nou poko wè tout bagay soumèt anba li.
[9] Men, nou wè Jezi, ki se sila Bondye te fè enferyè zanj yo pou yon ti tan an dekwa pou li te ka soufri lanmò pou nou tout, nan gras Bondye. Nou wè li avèk glwa ak onè kòm kouwòn, akòz li te soufri lanmò.
[10] Paske, se grasa Bondye, e se pou Bondye tout bagay egziste. Donk, lè li t ap mennen anpil pitit nan laglwa, se te tou nòmal pou li te fè sila ki kaptenn delivrans yo a total nan soufrans.
[11] Paske, ni sila ki sangtifye moun nan, ni moun li sangtifye yo, yo tout soti nan yon sèl. Se rezon sa a ki fè li pa wont rele yo frè,
[12] kote li di: M ap anonse frè m yo non ou. M ap fè lwanj ou nan mitan asanble a.
[13] Li di ankò: M ap mete konfyans mwen nan li. Epi ankò: Men mwen, ansanm ak timoun Bondye ban mwen yo.
[14] Kifè, kòm se chè ak san ki nati timoun sa yo, li menm tou, nan menm fason an, li vin adopte menm nati a. Li fè sa, dekwa pou, grasa lanmò li, li te ka detui sila ki kenbe fòs lanmò a, sa vle di djab la,
[15] e dekwa tou pou li te ka delivre moun yo te soumèt anba lesklavaj tout lavi yo, poutèt yo te pè lanmò.
[16] Paske, sètènman se pa zanj li ede, men se desandans Abraam nan li ede.
[17] Kifè, fòk li te sanble ak frè li yo nan tout bagay, pou li te ka yon sakrifikatè an chèf ki gen pitye epi ki fidèl nan sèvis Bondye a, epi konsa, pou li te ka fè sakrifis satisfaksyon pou peche pèp la.
[18] Paske, kòm li menm, li te soufri anba tantasyon, ebyen, li kapab ede moun ki anba tantasyon.