[1] Nan sa n ap di la a, men sa ki bagay prensipal la: Se kalite sakrifikatè an chèf sa a menm, nou genyen. Li chita adwat twòn Majeste ki nan syèl la.
[2] Se li ki sakrifikatè ki desèvis nan sangtyè a, nan vre tabènak la. E se Senyè a ki te bati l, se pa t moun.
[3] Vrèmanvre, Bondye te plase tout sakrifikatè an chèf yo pou yo ofri ofrann ak sakrifis. Kifè, li te nesesè pou Jezi, li menm, te gen yon bagay pou l ofri tou.
[4] Dayè, si l te sou latè, li pa t ap menm yon sakrifikatè, paske gen lòt sakrifikatè k ap ofri ofrann daprè lalwa.
[5] E, sèvis yo a se aparans e se lonbraj sèvis nan syèl yo li ye. Se sou sa menm, Bondye te avèti Moyiz, lè li t apral bati tabènak la. Paske, Bondye te di: «Gade! Se pou w fè tout bagay daprè modèl yo te montre w sou mòn nan.»
[6] Men, kounye a, non sèlman sèvis Jezi resevwa a pi siperyè, men Jezi se medyatè yon alyans ki pi bon tou, yon alyans ki poze sou pi bon pwomès.
[7] Vrèmanvre, si premye alyans sa a te san repwòch, yo pa t ap chèche plas pou yon dezyèm.
[8] Paske, se tankou repwoche Bondye t ap repwoche yo, lè li te di yo: Gade! Senyè a di: «Gen yon jou k ap vini, Kote m ap tabli yon nouvèl alyans Avèk ras Izrayèl ak ras Jida.
[9] Se p ap tankou alyans mwen te fè avèk zansèt yo a, Jou lè mwen te pran men yo Epi mwen te mennen yo soti nan peyi Ejip. Paske, yo pa t pèsevere nan alyans mwen an, E, mwen menm tou, mwen meprize yo.» Se sa Senyè a di.
[10] Senyè a di: «Kifè, men ki alyans m ap fè ak ras Izrayèl: Apre jou sa yo,» M ap mete lwa mwen nan lide yo. Epi, se nan kè yo m ap ekri yo. M ap Bondye yo. Epi, yo menm, y ap pèp mwen.
[11] Yon sitwayen p ap bezwen anseye yon lòt sitwayen, Ni yon frè p ap bezwen anseye yon lòt frè, Kòmkwa pou l ta di: «Se pou w konnen Senyè a.» Paske, yo tout ap konnen mwen, Soti sou pi piti pami yo, rive sou pi gran pami yo.
[12] Paske, m ap gen pitye pou yo pou mechanste yo, E, ni peche, ni rebelyon yo, Mwen p ap sonje yo ditou ankò.
[13] Nan di li di: «nouvèl alyans» lan, li deklare premye a ize. E depi yon bagay ize, depi li vye, li prèt pou l disparèt.