Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, pandan pwomès pou nou antre nan repo l la ap kenbe toujou, annou gen krentif, dekwa pou pèsonn nan nou pa panse li vini an reta.

[2] Paske, yo te anonse nou bon nouvèl la tou, menm jan yo te anonse yo l la. Men, yo pa t benefisye anyen, paske pawòl yo te resevwa a pa t jwenn lafwa nan moun ki te tande l yo.

[3] Kounye a, nou menm ki gen lafwa, nou antre nan repo a jan Bondye te di l la: Menm jan mwen te sèmante nan kòlè m nan: «Yo p ap janm antre nan repo m nan!» Epoutan, travay Bondye te fini depi l te fin kreye lemonn.

[4] Paske, yon lòt kote, men sa li di konsènan setyèm jou a: Sou setyèm jou a, Bondye pran repo nan tout travay li yo.

[5] Epi, nan kote kounye a, li di ankò: Yo p ap janm antre nan repo m nan.

[6] Kifè, rete okazyon pou kèk moun antre nan repo a toujou. Epitou, premye moun, yo te anonse bon nouvèl la, yo menm, yo pa t antre, poutèt yo te dezobeyi.

[7] Se poutèt sa, lontan apre sa, nan bouch David, Bondye fikse yon lòt jou ankò li rele «Jodi a,» lè li di: Jodi a, si nou tande vwa li, Pa fè rèd nan kè nou.

[8] Paske, si se Jozye ki te ba yo repo, ebyen, Bondye pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.

[9] Se sa k fè, rete yon repo Saba toujou pou pèp Bondye a.

[10] Paske, yon moun ki antre nan repo Bondye a, li pran repo ak travay li yo, menm jan Bondye te pran repo ak pa l yo.

[11] Donk, annou fè dilijans pou nou antre nan repo sa a, dekwa pou pèsonn pa al suiv menm move egzanp dezobeyisans sa a epi pou l tonbe.

[12] Paske, pawòl Bondye a vivan, li aktif. E li pi file pase tout epe de bò. Li koupe jis li rive separe nanm ak lespri, jwenti zo ak mwèl. E li sonde santiman ak lide ki nan kè moun.

[13] Pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan li. Men, tout bagay aklè, yo tou louvri devan je sila n ap gen pou nou rann kont lan.

[14] Donk, kòm nou genyen yon gran sakrifikatè an chèf ki travèse syèl la, ki vle di Jezi, Pitit Bondye a, ebyen, annou kenbe deklarasyon lafwa nou an fèm.

[15] Paske, sakrifikatè an chèf nou genyen an pa yon moun ki pa kapab soufri ansanm avèk nou nan feblès nou yo. Okontrè, li te sibi tout kalite tantasyon menm jan avèk nou, men, san li pa t fè peche.

[16] Donk, annou pwoche bò twòn gras la avèk asirans. Konsa, n a resevwa pitye, epi n a jwenn gras pou sekoure nou lè nou bezwen l.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters