[1] E, lafwa se garanti bagay nou espere yo, li se prèv bagay nou pa ka wè yo.
[2] Dayè, se grasa lafwa ki fè Bondye te bay yon bon temwayaj sou zansèt yo.
[3] Se grasa lafwa ki fè nou konprann se pawòl Bondye ki fòme linivè. Kifè, bagay moun wè yo pa t fèt ak bagay moun ka wè.
[4] Se grasa lafwa ki fè Abèl te ofri Bondye yon sakrifis ki te gen plis valè pase pa Kayen an, yon sakrifis ki fè Bondye temwaye Abèl te yon moun jis, paske Bondye te bay yon bon temwayaj sou ofrann li yo. E, malgre Abèl mouri, grasa lafwa li, l ap pale toujou.
[5] Se grasa lafwa ki fè Bondye te transpòte Enòk nan syèl pou li pa wè lanmò. E yo pa t wè li, paske Bondye te transpòte l nan syèl. Vrèmanvre, anvan Bondye te transpòte l la, li te resevwa temwayaj, li fè Bondye plezi.
[6] Men, san lafwa, yon moun pa kapab fè Bondye plezi. Paske, yon moun k ap pwoche kote Bondye, fòk li kwè Bondye egziste, e fòk li kwè Bondye rekonpanse moun k ap chèche li.
[7] Se grasa lafwa ki fè lè Bondye te avèti Noe konsènan bagay pèsonn pa t prevwa yo, Noe te gen krentif pou Bondye, epi li te bati yon lach pou l sove fanmi li. Se grasa lafwa li ki fè li te deklare kondanasyon sou monn sa a. Konsa, li vin eritye jistis, moun jwenn grasa lafwa a.
[8] Se grasa lafwa ki fè lè Bondye te rele Abraam pou li pati al yon kote li t apral resevwa kòm eritaj, ebyen, Abraam te obeyi. E li pati ale, san li pa t menm konnen kote l t aprale.
[9] Se grasa lafwa ki fè Abraam te viv sou tè Bondye te pwomèt li a tankou yon moun ki depasaj nan yon peyi etranje. Li abite anba tant, li menm ansanm avèk Izaak ak Jakòb, yo menm ki te eritye pwomès la tou.
[10] Paske, sa li t ap tann, se te yon vil ki gen fondasyon, yon vil kote se Bondye li menm ki ni achitèk li, ni kontremèt li.
[11] Se grasa lafwa ki fè Sara, li menm, malgre li te pase laj fè pitit, li te jwenn pisans pou l vin ansent. Tout sa paske li te konsidere sila ki te fè pwomès la fidèl.
[12] Donk, yon sèl nonm, ki te tou mouri, vin papa yon desandans ki anpil tankou zetwal nan syèl, yon desandans moun pa ka konte epi ki tankou sab bò lanmè.
[13] Yo tout mouri nan lafwa, san yo pa resevwa bagay Bondye te pwomèt yo. Men, yo te wè yo de lwen, yo te salye yo, epi yo te temwaye se etranje yo ye, se depasaj yo ye sou latè.
[14] Lè moun di bagay konsa, yo demontre se peyi pa yo a y ap chèche.
[15] Si se kote yo te soti a yo te sonje, yo t ap gen okazyon pou yo retounen ladan l.
[16] Men, an reyalite, yo te anvi yon pi bon peyi, sa vle di, youn ki nan syèl. Se poutèt sa, Bondye pa wont rele tèt li Bondye yo. E, vrèmanvre, li pare yon vil pou yo.
[17] Se grasa lafwa ki fè lè Bondye te teste Abraam nan, Abraam te ofri Izaak kòm yon sakrifis. Abraam te fin resevwa pwomès la, e se li menm ankò ki ofri sèl pitit li a.
[18] Alòske, se de pitit sa a Bondye te di: «Se nan Izaak w ap gen yon desandans ki pote non ou.»
[19] Refleksyon Abraam te fè, sèke Bondye te kapab resisite mò tou. Vrèmanvre, li rejwenn pitit li. E, gen yon siy nan sa.
[20] Se grasa lafwa ki fè Izaak te beni Jakòb ak Ezaou konsènan bagay ki t apral rive yo.
[21] Se grasa lafwa ki fè lè Jakòb t apral mouri, li beni chak pitit Jozèf yo, epi li apiye sou tèt baton li pou li adore Bondye.
[22] Se grasa lafwa ki fè lè Jozèf te nan fen lavi l, li fè desandan Izrayèl yo sonje y ap soti ann Ejip, epi li pase lòd konsènan zosman li.
[23] Se grasa lafwa ki fè lè Moyiz te fèt, paran l yo sere l pandan twa mwa, tank yo te wè timoun nan bèl. E, yo pa t pè dekrè wa a te fè soti a.
[24] Se grasa lafwa ki fè lè Moyiz te vin gran, li refize yo rele l pitit gason tifi Farawon an.
[25] Li te pito chwazi pou yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a pase pou li ta jwi peche pou yon ti moman.
[26] Li te konsidere avilisman Kris la tankou yon trezò ki pi gran pase richès Ejip yo. Paske, li menm, se sou rekonpans lan li t ap gade.
[27] Se grasa lafwa ki fè li pati kite Ejip san li pa t pè kòlè wa a. Li kenbe fèm, kòmsi li te wè sila ki envizib la.
[28] Se grasa lafwa ki fè Moyiz te fè seremoni Pak la, epi li te wouze ak san, dekwa pou sila a ki t ap detui Premye Pitit yo pa t manyen Premye Pitit Izrayelit yo.
[29] Se grasa lafwa ki fè yo travèse Lanmè Wouj la tankou tè sèk, alòske lè Ejipsyen yo al eseye travèse, lanmè a vale yo.
[30] Se grasa lafwa ki fè yo fè sèt jou ap ansèkle miray Jeriko yo, epi miray yo tonbe.
[31] Se grasa lafwa ki fè Raab, pwostitiye a, te resevwa espyon yo nan lapè, epi li pa t peri ak rebèl yo.
[32] Kisa m ta di ankò? Paske, pa t ap gen tan ki rete si mwen ta rakonte koze Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak pwofèt yo.
[33] Yo menm, se grasa lafwa ki fè yo fè wayòm soumèt, yo tabli jistis, yo jwenn sa yo te pwomèt yo, yo fèmen bouch lyon,
[34] yo etenn flanm dife, yo sove anba kout epe, yo jwenn pisans nan feblès yo, yo vin gen fòs nan lagè, yo fè lame etranje sove devan yo.
[35] Gen medam ki rejwenn moun pa yo ki te mouri epi ki te vin resisite. Alòske, gen lòt yo matirize, men ki pa aksepte yo libere yo, dekwa pou yo te ka jwenn yon pi bon rezirèksyon.
[36] Gen lòt ankò, yo pase yo nan betiz, yo bat yo. Plis ankò, yo mete yo nan chenn, yo mete yo nan prizon.
[37] Yo tiye yo ak wòch, yo siye yo an de, yo fè yo pase tray, yo tiye yo ak kout epe. Yo menm, yo oblije ap mache toupatou ak po mouton ak po kabrit sou yo. Nesesite, tribilasyon, move tretman nan kò yo.
[38] Moun sa yo, lemonn pa merite yo. Yo pwomennen ni nan dezè, ni nan mòn, ni nan gwòt, ni nan twou ki anba latè.
[39] Tout moun sa yo, malgre bon temwayaj lafwa yo genyen an, yo pa t jwenn sa yo te pwomèt yo a.
[40] Paske, akòz nou menm, Bondye te prevwa yon bagay ki pi bon. Li pa t vle yo vin total san nou.