Skip to content
Opens in a new window

[1] Se kalite foul temwen sa yo nou genyen ki antoure nou. Poutèt sa, nou menm tou, annou debarase tèt nou ak tout chay ak peche k ap mare pye nou an; epi, annou kouri avèk andirans nan kous, yo met devan nou an.

[2] Annou kouri ak je nou fikse sou Jezi. Se li ki kaptenn lafwa nou, e se li ki fè lafwa nou total tou. Poutèt lajwa yo te mete devan l lan, Jezi andire lanmò kwa a, li meprize wont lan, epi li chita adwat twòn Bondye a.

[3] Vrèmanvre, konsidere sila a ki andire kalite opozisyon pechè yo fè kont li yo, dekwa pou nou pa vin fèb epi pou nanm nou pa dekouraje.

[4] Paske, nan lit pa nou kont peche, nou poko reziste ase, jis pou san nou ta koule.

[5] Epoutan, nou bliye ankourajman yo te ban nou tankou se pitit y ap fè wè rezon: Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w, pa meprize sa. Nonplis tou, pa dekouraje lè l ap fè w obsèvasyon.

[6] Paske, Senyè a korije moun li renmen. E li kale tout pitit li rekonèt kòm pitit.

[7] Se pou nou andire koreksyon an. Paske, se tankou pitit Bondye, Bondye ap trete nou. Dayè, ki pitit, papa pa korije?

[8] Men, si nou egzante anba koreksyon ki nòmal pou tout pitit, ebyen, se fo pitit nou ye, nou pa pitit vre.

[9] Menm papa, nou te genyen yo, papa ki te papa chè nou yo, te korije nou, epi nou te respekte yo. Ebyen, nou dwe soumèt pi plis toujou anba sila ki se Papa lespri nou an, pou nou ka viv, pa vre?

[10] Paske, papa sa yo, yo te korije nou jan yo te panse ki bon epi pandan kèk jou. Alòske, Papa sa a li menm, li fè l pou byen nou, pou l ka fè nou sen menm jan avèk li.

[11] Vrèmanvre, pou kounye a, olye tout koreksyon pote lajwa, yo parèt tankou se lapenn yo pote. Men, pi ta, y ap donnen yon fwi lapè ak yon fwi jistis pou moun ki pase nan antrènman sa a.

[12] Donk, ni bra balan nou yo, ni jenou paralize nou yo, fè yo dwat.

[13] Fè chemen yo plat pou pye nou, dekwa pou pye k ap bwate a ka pa dejwente, men pou li ka geri.

[14] Chèche fè lapè ak tout moun. Epitou, chèche pou nou sen, paske si yon moun pa sen, li pa ka wè Senyè a.

[15] Donk, veye byen pou pèsonn pa rate gras Bondye a. Veye pou kèk rasin rayisab pa pouse pou vin toumante nou. Paske, konsa, l ap kontamine anpil moun.

[16] Veye pou pa gen moun ki nan imoralite, oubyen moun k ap fè sakrilèj tankou Ezaou, ki te vann dwa l kòm Premye Pitit pou yon plat manje sèlman.

[17] Dayè, nou konnen, pi ta, li te vle resevwa benediksyon an, men papa l te derefize. Paske, malgre tout chèche li te chèche benediksyon an ak dlo nan je, li pa t jwenn okazyon fè papa a chanje lide.

[18] Vrèmanvre, nou pa t pwoche ni kote yon mòn moun te ka manyen, ni kote yon flanm dife, ni kote yon nyaj, ni kote fènwa, ni kote yon tanpèt,

[19] ni kote bri kout twonpèt, ni kote yon vwa k ap pale. Moun ki te tande vwa sa a te refize pou li adrese yo lapawòl ankò,

[20] tank yo pa t ka sipòte lòd yo te pase a, lòd ki te di: «Menm si se yon bèt ki pwoche pre mòn nan, tiye l anba wòch.»

[21] Evènman an te tèlman terib, Moyiz li menm te di: «Mwen pè! M ap tranble!»

[22] Okontrè, nou menm, nou pwoche kote Mòn Siyon ki se vil Bondye vivan an, Jerizalèm ki nan syèl la. Nou pwoche kote foul zanj yo

[23] ki se gwo asanble a. Nou pwoche kote legliz Premye Pitit ki enskri nan syèl la, kote Bondye ki jije tout moun nan, epi kote lespri moun jis ki vin total yo.

[24] Nou pwoche kote Jezi ki se Medyatè pou yon nouvèl alyans, epi kote san ki wouze nou an, san ki pale de pi bon bagay pase san Abèl la.

[25] Fè atansyon pou nou menm tou nou pa refize koute sila k ap pale a. Paske, si yo menm, yo pa t chape lè yo te refize koute sila ki t ap avèti yo sou latè a, alewè pou nou menm, si nou ta meprize sila ki nan syèl la lè li avèti nou.

[26] Fwa sa a, se latè vwa a te fè tranble. Men, kounye a, li fè yon pwomès. Li di: «Yon lòt fwa ankò, se pa latè sèlman m ap fè tranble, men se syèl la tou.»

[27] Lè li di «yon lòt fwa» a, sa montre l ap wete bagay ki tranble yo antan bagay ki te kreye, dekwa pou bagay ki pa ka tranble yo ka rete.

[28] Poutèt sa, annou rann Bondye gras, paske se yon wayòm ki pa ka tranble, nou resevwa. Konsa tou, annou fè sèvis pou Bondye yon jan ki fè li plezi, avèk respè epi avèk krentif.

[29] Paske, Bondye nou an se yon dife devoran.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters