Skip to content
Opens in a new window

[1] Dayè, menm premye alyans lan te gen règ sou fason pou yo fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon sangtyè pou li sou latè.

[2] Vrèmanvre, yo te bati yon tabènak. Nan premye pati a, sa yo rele Chanm Sakre a, te genyen chandelye a epi tab ak pen sakre yo.

[3] Epi, dèyè dezyèm rido a, kote yo rele Chanm Pi Sakre a,

[4] te genyen yon lotèl lansan ann ò ak lach alyans lan. Lach la te kouvri ann ò toupatou. Ladan l, te genyen yon po ann ò ki te gen lamàn, baton Aawon ki te fleri a, epi plak wòch yo ki te gen alyans lan.

[5] Sou lach la, te genyen pòtre cheriben ki reprezante laglwa yo. Yo te panche annavan sou pwopisyatwa a. Alò, pou kounye a, nou pa kapab pale de pwopisyatwa a an detay.

[6] Men, lè yo te fin ranje bagay yo konsa, sakrifikatè yo te konn antre nan premye chanm nan pou yo akonpli sèvis pou Bondye.

[7] Men, pou dezyèm chanm nan, se sakrifikatè an chèf la sèlman ki te konn antre ladan l yon fwa chak ane. Epi, se te toujou ak san pou l ofri ni pou peche pa l, ni pou peche pèp la fè san yo pa konnen.

[8] Sa Lespri Sen an t ap montre nan sa, sèke toutotan premye tabènak la te toujou gen plas li, chemen pou Chanm Pi Sakre a pa t ouvè.

[9] E sa se yon siy pou epòk kounye a. Sa vle di, ofrann ak sakrifis yon moun ofri, lè l ap fè sèvis pou Bondye, pa kapab fè moun sa a total nan konsyans li.

[10] Paske, se sèlman manje, bwason, divès kalite batèm yo ye, anfen, règ ki an rapò ak lachè. Bondye te reklame yo jiskaske te gen yon epòk refòm.

[11] Men, Kris parèt. Li se sakrifikatè an chèf pou bon bagay ki t apral vini yo. Li travèse yon pi bon tabènak, youn ki pi total, youn ki pa fèt ak men lèzòm, sa vle di, ki pa nan kreyasyon sa a.

[12] Li antre nan Chanm Pi Sakre a yon fwa pou tout, kote li jwenn yon redanmsyon etènèl pou nou. E se pa t ni grasa san bouk kabrit, ni grasa san ti towo bèf li te antre, men se te grasa pwòp san li.

[13] Paske, menm lè yo wouze moun ki pa pwòp daprè lalwa yo ak san towo bèf ak san bouk kabrit, epi ak sann gazèl bèf, bagay sa yo sangtifye yo yon jan pou kò yo pirifye.

[14] Ebyen, se pi plis toujou ak san Kris. Li pirifye konsyans nou anba zèv lanmò dekwa pou nou ka sèvi Bondye vivan an. Kris, ki te san defo, te ofri tèt li bay Bondye, grasa Lespri ki etènèl la.

[15] E, se poutèt sa li se medyatè nouvèl alyans lan, dekwa pou moun Bondye rele yo ka resevwa eritaj etènèl li te pwomèt yo a. Paske, akòz lanmò ki te rive a, genyen redanmsyon pou vyolasyon ki te fèt sou premye alyans lan.

[16] Vrèmanvre, depi gen yon testaman, li nesesè pou yo demontre moun ki te fè l la mouri.

[17] Paske, se lanmò ki fè yon testaman fèm. Toutotan moun ki fè l la ap viv, testaman an p ap janm gen fòs.

[18] Dayè, menm premye alyans lan, se avèk san yo te ratifye l.

[19] Paske, toudabò, Moyiz te deklare chak kòmandman bay tout pèp la daprè lalwa. Apre sa, li pran san ti towo bèf ak san bouk kabrit, ansanm avèk dlo, lenn wouj ak izòp. Li wouze liv la ansanm ak tout pèp la.

[20] Epi, li di: «Sa a se san alyans Bondye kòmande pou nou an.»

[21] Epi, li wouze ni tabènak la, ni tout veso ki pou sèvis Bondye yo menm jan an tou avèk san.

[22] Dayè, daprè lalwa, se prèske tout bagay, yo pirifye ak san. E, si san pa koule, pa gen padon.

[23] Donk, yon bò, li te nesesè pou se konsa yo pirifye bagay sa yo ki se pòtre bagay ki nan syèl yo. Men, yon lòt bò, bagay ki nan syèl yo menm, li te nesesè se avèk pi bon sakrifis pase sa pou yo pirifye yo.

[24] Paske, Kris, li menm, pa t antre nan yon sangtyè men lèzòm fè, youn ki ta sèlman yon senbòl vre sangtyè a. Okontrè, se nan syèl la menm, li antre, kote kounye a li parèt devan Bondye pou nou.

[25] Nonplis tou, li pa t antre pou l ofri tèt li plizyè fwa. Non, li pa tankou sakrifikatè an chèf yo ki te konn antre nan Chanm Pi Sakre a chak ane pou yo ofri san ki pa san pa yo.

[26] Si se te konsa, ebyen, pou depi Bondye kreye lemonn nan, fòk Kris ta soufri plizyè fwa. Alòske, kounye a, kote tan yo ap bout, Kris parèt yon fwa pou tout pou li anile peche grasa sakrifis li a.

[27] Bondye mete pou lèzòm mouri yon sèl fwa, epi apre sa, se jijman.

[28] Ebyen, menm jan an tou, Kris te ofri tèt li yon sèl fwa pou li pote peche anpil moun. E, l ap parèt yon dezyèm fwa ankò. Li p ap parèt pou l pote peche, men, pou l sove moun k ap tann li yo.

Lèt yo te ekri Kretyen Ebre yo — Chapters