[1] Nan tan lontan, Bondye te pale avèk zansèt nou yo ak divès mwayen epi nan divès fason, grasa pwofèt yo.
[2] Men, nan dènye jou sa yo, li pale avèk nou grasa Pitit la. Se li menm, Bondye mete eritye tout bagay. Se grasa li menm tou li fè linivè a.
[3] Li se reyon glwa Bondye. Li se anprent nati Bondye. L ap soutni tout bagay ak pisans pawòl li. Apre li te fin fè pirifikasyon pou peche nou yo, li chita anwo nan syèl la, adwat Majeste a.
[4] E, menm jan li vin siperyè zanj yo, se konsa tou, non li eritye a pi enpòtan pase pa yo a.
[5] Vrèmanvre, kilès nan zanj yo Bondye janm di: Ou se pitit mwen. Mwen menm, jodi a, mwen ba ou nesans? Oubyen ankò: M ap yon papa pou li. E, li menm, l ap yon pitit pou mwen?
[6] Men, lè li mennen Premye Pitit la nan monn nan ankò, li di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.
[7] Konsènan zanj yo, men sa Bondye di: Li fè zanj li yo tounen van, Li fè sèvitè li yo tounen flanm dife.
[8] Alòske, konsènan Pitit la, li di: O Bondye, twòn ou an la pou le tan e letènite. Pouvwa wayòm ou an se yon pouvwa ki jis.
[9] Ou te renmen jistis, e ou te rayi rebelyon. O Bondye, se poutèt sa, sila ki Bondye w la te konsakre w; Li te vide yon luil kontantman sou ou pito, olye se te sou konpayon w yo.
[10] Epi, li di ankò: Senyè, o kòmansman, se ou menm ki te poze fondasyon latè. E syèl la se travay men ou fè.
[11] Y ap peri, men, ou menm, w ap rete. Yo tout ap ize tankou rad,
[12] W ap vlope yo tankou wòb, epi w ap chanje yo. Men, ou menm, ou rete menm jan an. E ane ou yo p ap bout.
[13] Dayè, kilès nan zanj yo Bondye janm di: Chita adwat mwen, Jis mwen fè lènmi ou yo tounen yon machpye anba pye ou?
[14] Tout zanj yo se lespri ki la kòm sèvitè Bondye voye, pou yo ka sèvi moun ki pral eritye delivrans lan, pa vre?