Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl, prizonye pou Jezi Kris, epi frè Timote. Lèt sa a se pou ou menm, Filemon, byenneme nou epi konpayon nou nan travay la,

[2] pou byenneme sè Afya, pou Achip ki sòlda ansanm avèk nou, epi pou legliz ki lakay ou a.

[3] Gras ak lapè ki soti kote Bondye Papa nou ak kote Senyè Jezi Kris avèk nou!

[4] Se tout tan m ap rann Bondye m nan gras, lè m ap nonmen non ou nan priyè mwen.

[5] Paske, mwen tande ki lamou ak ki lafwa ou genyen pou Senyè Jezi epi pou tout sen yo.

[6] Konsa, mwen lapriyè pou kominyon sa a yo genyen avèk lafwa w la kapab travay, pou yo konnen tout sa ki byen nan nou pou Jezi Kris.

[7] Vrèmanvre, lamou w te fè mwen gen anpil lajwa ak ankourajman. Paske, grasa ou, frè mwen, kè sen yo te soulaje.

[8] Se poutèt sa, malgre tout asirans mwen genyen nan Kris pou mwen kòmande w sa ki devwa ou,

[9] mwen pito sipliye w nan lamou epi daprè jan mwen ye a, mwen menm, Pòl, yon granmoun, plis yon prizonye pou Jezi Kris kounye a.

[10] M ap sipliye w pou pitit mwen an, Onezim, mwen bay nesans pandan mwen nan chenn nan!

[11] Anvan sa, li pa t itil ou anyen. Men kounye a, l ap itil ni ou menm, ni mwen menm.

[12] Mwen retounen l ba ou. Men, ou menm, resevwa l. Li se pwòp kè mwen.

[13] Mwen ta byen renmen kenbe l avèk mwen pou li ka sèvi m nan plas ou, pandan mwen nan chenn pou levanjil la.

[14] Men, mwen pa vle fè anyen san konsantman w, dekwa pou ou pa fè byen an paske ou oblije fè l, men, paske ou vle fè l.

[15] Vrèmanvre, se kapab poutèt sa li te pati kite w la. L ale pou yon tan, dekwa pou w te ka rejwenn li pou letènite.

[16] E, se pa tankou yon esklav ou rejwenn li ankò. Okontrè! Se plis pase yon esklav. Ou rejwenn li tankou yon frè byenneme, espesyalman frè pa mwen. E plis pase sa toujou, li se frè ou, paske li se yon moun epi paske li nan Senyè a.

[17] Donk, si ou konsidere m kòm zanmi w, ebyen, resevwa l menm jan ou ta resevwa m.

[18] E, si l te fè kèk bagay mal oubyen li te dwe w, met sa sou kont mwen.

[19] Mwen menm Pòl, mwen ekri l ak men mwen: M ap remèt ou li. E, mwen pa menm bezwen di w, ou menm, ou dwe m lavi w.

[20] Wi, frè mwen, fè m plezi a nan Senyè a. Soulaje kè m nan Senyè a.

[21] Se paske mwen gen konfyans w ap obeyi mwen ki fè mwen ekri w. E, mwen konnen w ap fè plis pase sa mwen di w la.

[22] An menm tan tou, pare yon chanm pou mwen. Paske, mwen espere y a libere mwen ban nou, grasa priyè nou yo.

[23] Epafras voye salye w. Li se prizonye ansanm avèk mwen nan Jezi Kris.

[24] Mak, Aristak, Demas, Lik voye salye w. Y ap travay ansanm avèk mwen.

[25] Gras Jezi Kris Senyè nou avèk lespri nou! Amèn!