Skip to content
Opens in a new window

[1] Sa fè twazyèm fwa m ap vin lakay NOU. Tout afè ap regle sou depozisyon de oubyen twa temwen.

[2] Lè mwen te la dezyèm fwa a, mwen te avèti ni moun ki te peche anvan sa a, ni tout lòt yo. Kounye a, mwen pa la, m ap ekri yo pou mwen avèti yo: Si mwen vini ankò, mwen p ap menaje yo.

[3] Kòm N ap chèche prèv se Kris ki pale nan mwen, se va prèv la. Kris pa fèb parapò ak NOU, men, li pisan nan NOU.

[4] Vrèmanvre, menm si yo te krisifye l akòz feblès, li vivan grasa pisans Bondye. Dayè, mwen menm ak lòt yo tou, nou fèb nan li, men, grasa pisans Bondye, n a viv avèk li pou NOU menm, Korentyen.

[5] Egzamine tèt NOU pou NOU wè si NOU nan lafwa! Fè tèt NOU yon tès. Oubyen, èske NOU pa rekonèt poukont NOU, Jezi Kris nan NOU? Li la, amwenske NOU pa pase nan tès la.

[6] Men, mwen espere N ap konnen, mwen menm ak lòt yo, nou pase nan tès la.

[7] Nou priye Bondye pou NOU menm, Korentyen, NOU pa fè anyen ki mal. Nou pa priye pou, mwen menm ak lòt yo, nou parèt kòmsi nou pase tès la. Men, nou priye pou, NOU menm, Korentyen, NOU fè sa ki byen, menm si li parèt kòmsi mwen menm ak lòt yo pa pase tès la.

[8] Dayè, se pa kont verite a nou gen fòs, men, se pou verite a.

[9] Vrèmanvre, lè nou fèb epi NOU menm, Korentyen, NOU fò, ebyen, mwen menm ak lòt yo, nou nan lajwa. E, se sa ki priyè nou tou, ki vle di, pou Bondye fòme NOU menm, Korentyen yo.

[10] Se poutèt sa m ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la. Konsa, lè mwen la, mwen p ap bezwen sevè lè mwen trete NOU daprè otorite Senyè a ban m nan, yon otorite pou edifye, men, pa pou kraze.

[11] Anfen, frè mwen yo, se pou NOU nan lajwa, se pou NOU repare tèt NOU, se pou NOU ankouraje tèt NOU, se pou NOU gen menm santiman, se pou NOU viv nan lapè, epi Bondye ki gen lamou ak lapè a va avèk NOU.

[12] Se pou NOU youn salye lòt avèk bo, tankou sen dwe salye. Tout sen yo voye salye NOU.

[13] Se pou gras Senyè Jezi Kris, lamou Bondye ak kominyon Lespri Sen an avèk NOU tout. Amèn!

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters