[1] Mwen menm, apot Pòl–se pa ni daprè desizyon lèzòm, ni grasa yon moun mwen apot, men se grasa Jezi Kris ak Bondye Papa a ki te resisite li pami mò yo–
[2] wi, mwen menm ak tout frè ki avèk mwen yo! Nou menm legliz ki nan Galasi yo,
[3] se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa a ak nan Senyè nou Jezi Kris avèk nou.
[4] Se Jezi Kris ki te bay tèt li pou peche nou yo, daprè volonte Bondye Papa nou, dekwa pou li te ka retire nou anba tan mechanste sa a.
[5] Glwa pou Bondye pou le tan e letènite. Amèn.
[6] Mwen sezi dèske nou gentan kite sila ki te rele nou nan gras Kris la, pou nou chanje al nan yon lòt levanjil ki pa yon levanjil vre.
[7] Sèlman, gen kèk moun k ap boulvèse nou epi ki vle gate levanjil Kris la.
[8] Ebyen, menm si se nou menm oubyen yon zanj nan syèl ki ta anonse nou yon lòt levanjil pase levanjil nou te anonse nou an, anatèm pou li!
[9] Menm jan nou te di l deja a, m ap di l ankò kounye a: Si yon moun anonse nou yon lòt levanjil pase sa nou te resevwa a, anatèm pou li!
[10] Alò kounye a, èske se favè lèzòm m ap chèche oubyen se favè Bondye? Èske se lèzòm m ap chèche fè plezi? Paske, si se lèzòm mwen t ap fè plezi toujou, ebyen, se pa sèvitè Kris mwen ta ye.
[11] M ap fè nou konnen sa, frè mwen yo: Levanjil mwen te anonse nou an pa soti nan men moun.
[12] Paske, mwen menm, mwen pa t ni resevwa l, ni aprann li nan men moun. Okontrè! Mwen resevwa l grasa yon revelasyon Jezi Kris.
[13] Vrèmanvre, nou tande ki konpòtman mwen te genyen lè mwen te nan relijyon Juif yo. Mwen te lage nan pèsekite legliz Bondye a. Mwen t ap ravaje l.
[14] Mwen te tèlman zele pou tradisyon zansèt mwen yo, mwen te pi avanse nan relijyon Juif yo pase anpil moun ras mwen ki te menm laj avèk mwen.
[15] Men, Bondye te mete m apa depi nan vant manman m. Li te rele m nan gras li.
[16] E, lè sa te fè l plezi pou li revele m Pitit li a, dekwa pou mwen te ka anonse l bay lòt nasyon yo, lè sa a, mwen pa t konsilte ni chè, ni san.
[17] Nonplis tou, mwen pa t monte Jerizalèm al kote moun ki te apot anvan m yo. Okontrè, mwen pati Arabi, epi mwen retounen Damas ankò.
[18] Apre twazan, mwen monte Jerizalèm al vizite Pyè. Mwen pase kenz jou avèk li.
[19] Men, mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo, eskepte Jak, frè Senyè a.
[20] Bagay m ap ekri nou la a, gade! Devan Bondye, se pa manti m ap bay.
[21] Apre sa, m ale nan zòn Siri ak Silisi.
[22] Men, legliz Kris yo ki nan Jide pa t konnen figi m.
[23] Sèl sa yo te tande sèke «Nonm ki te konn ap pèsekite nou an, se li kounye a k ap anonse levanjil lafwa, li te konn ap ravaje a.»
[24] Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akòz mwen menm.