Skip to content
Opens in a new window

[1] Vrèmanvre, sou latè, nou abite nan yon kò ki tankou yon tant. Nou konnen menm si l demoli, nou genyen yon bilding Bondye fè, yon kay ki pa fèt ak men lèzòm, yon kay nan syèl la ki etènèl.

[2] Poutèt sa, n ap plenn nan kò sa a, tank nou anvi abiye ak kay nou an ki nan syèl la.

[3] E, depi nou abiye konsa, yo p ap jwenn nou toutouni.

[4] Paske, pandan nou nan tant sa a, n ap plenn anba chay sa a. E, se pa paske nou ta vle dezabiye nou ki fè n ap plenn nan, men se paske nou ta vle abiye nou plis, dekwa pou lavi ka vale sa ki ka mouri a.

[5] Se Bondye menm ki pare nou pou sa. E, se li menm tou ki ban nou Lespri a kòm avalwa.

[6] Donk, nou toujou pran kouraj. Paske, nou konnen, depi se kò sa a ki kay nou, se lwen Senyè a nou abite.

[7] Vrèmanvre, se daprè lafwa, n ap mache, se pa daprè je nou.

[8] Wi, nou pran kouraj. E, sa ki ta fè nou plis plezi, se ta kite kò sa a epi al abite kote Senyè a.

[9] Se poutèt sa, kit nou abite nan kò sa a, kit nou kite l, anbisyon nou se fè Senyè a plezi.

[10] Paske, fòk nou tout konparèt devan tribinal Kris la pou nou chak resevwa sa nou te fè ak kò nou, kit li te byen, kit li te mal.

[11] Donk, kòm nou konnen kisa krentif pou Senyè a ye, n ap chèche konvenk lèzòm. Nou klè devan Bondye. Nou espere nou klè devan konsyans NOU tou, Korentyen.

[12] Alò, se pa rekòmande n ap rekòmande tèt nou devan NOU ankò. Okontrè, se okazyon n ap ban NOU pou NOU vante tèt nou akòz mwen menm ak lòt yo. Konsa, N a gen yon repons pou moun ki pa vante tèt yo sou sa ki nan kè, men, sou aparans.

[13] Paske, si mwen menm ak lòt yo, nou fou, se pou Bondye. E, si nou byen nan tèt, se pou NOU menm, Korentyen.

[14] Vrèmanvre, lamou Kris ap sentre nou. Paske, nou konsidere si yon moun mouri pou tout moun, se tout moun ki mouri.

[15] E, li mouri pou tout moun, se dekwa pou moun ki vivan yo pa viv pou tèt yo ankò, men, pou yo viv pou sila ki mouri epi ki resisite pou yo a.

[16] Kifè, apati jodi a, nou pa konsidere pèsonn sou aparans. Si se sou aparans, nou te konsidere Kris, ebyen kounye a, nou pa konsidere l konsa ankò.

[17] Kifè ankò, depi yon moun nan Kris, li se yon nouvo kreyasyon. Ansyen bagay yo pase. Epi, gade! Tout bagay vin nouvo.

[18] E, tout bagay sa yo, se nan Bondye yo soti. Se li ki rekonsilye nou avèk li menm, grasa Jezi Kris. Se li menm tou, ki ban nou ministè rekonsilyasyon an.

[19] Sa vle di, Bondye te nan Kris: Li t ap rekonsilye lemonn avèk li menm, san li pa konsidere fot lèzòm yo. Epi, li mete pawòl rekonsilyasyon an nan nou.

[20] Donk, kòm se avèk nou Bondye sèvi pou l egzòte moun, nou se anbasadè pou Kris. E n ap sipliye NOU pou Kris: Se pou NOU rekonsilye avèk Bondye!

[21] Paske, sila ki pa t konnen peche a, li fè l tounen peche akòz nou menm. Konsa, nan li, nou vin jistis Bondye.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters