Skip to content
Opens in a new window

[1] Vrèmanvre, mwen pa bezwen ekri NOU sou sèvis pou NOU rann sen yo.

[2] Paske, mwen konnen efò NOU fè. E, mwen fè lwanj pou NOU pou sa, devan Masedonyen yo, dèske, depi ane pase, Akayi kòmanse pare. Epitou, se devouman NOU ki chofe pi fò nan yo.

[3] Men, mwen voye frè yo, dekwa pou se pa pou anyen, mwen te fè lwanj pou NOU sou afè sa a, epitou, pou NOU ka pare vre, menm jan mwen te di l la.

[4] Paske, sipoze kèk Masedonyen ta vini avèk mwen. Epi, malgre asirans sa a mwen genyen nan fè lwanj pou NOU an, yo jwenn NOU pa pare; se ta yon wont pou mwen menm, pou mwen pa ta di pou NOU menm tou.

[5] Donk, mwen te panse li nesesè pou mwen ankouraje frè yo al lakay NOU anvan m epi pou yo regle afè ofrann NOU te deja pwomèt la. Konsa, l a pare tankou yon vre ofrann, men, pa tankou kado moun ki ava.

[6] Men sa m vle di: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.

[7] Chak moun dwe bay jan yo deside nan kè yo, san regrèt, san fòse. Paske, Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

[8] Dayè, Bondye gen pisans, pou l plen NOU ak tout kalite gras, dekwa pou NOU ka toujou genyen ase pou tout bagay, tout jan. Konsa, N a gen diplis, pou NOU fè tout kalite bon zèv.

[9] Se konsa sa ekri: Li simaye, li bay malere yo. Jistis li ap rete pou letènite.

[10] Sila ki founisè semans pou kiltivatè yo ak pen pou moun manje a, se li menm ki va founi sa pou NOU simen, ki va fè l donnen anpil, epi ki va fè fwi jistis NOU pouse.

[11] L a fè NOU rich nan tout bagay, dekwa pou NOU ka toujou bay ak tout kè. E, nan konsa, zèv sa a va yon okazyon pou moun rann Bondye gras.

[12] Paske, sèvis N ap rann sen yo ak zèv sa a, se pa sèlman sa yo bezwen li ba yo, men l ap fè yo rann Bondye gras anpil tou.

[13] Sèvis sa a ap demontre NOU obeyi Bondye nan temwaye levanjil Kris la. L ap demontre se ak tout kè NOU, NOU patisipe nan ede ni yo menm, ni tout moun. E, poutèt sa, y a bay Bondye glwa.

[14] Epi, nan afeksyon yo pou NOU, y a priye pou NOU, poutèt Bondye fè NOU yon gras ki depase tout gras.

[15] Remèsiman pou Bondye! Paske, li ban NOU kado, bouch pa kapab pale.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters