[1] Ala mwen ta renmen NOU fè yon ti sipòte m nan foli sa a! Avrèdi, NOU sipòte m.
[2] Vrèmanvre, mwen jalou pou NOU, jan Bondye jalou. Paske, se ak yon sèl mari, se ak Kris mwen te fiyanse NOU, kòmkwa pou mwen prezante yon vyèj ki pwòp ba li.
[3] Men, menm jan sèpan an te twonpe Èv ak riz li a, mwen pè pou l pa gate lespri NOU tou, epi pou NOU sispann senp parapò ak Kris.
[4] Paske, si se yon moun ki vin preche NOU yon Jezi ki diferan ak Jezi, mwen menm ak lòt yo, nou te preche NOU an, oubyen, si se pou NOU resevwa yon lespri ki diferan ak sa NOU te resevwa a, oubyen ankò, si se yon levanjil ki diferan ak sa NOU te aksepte a, NOU sipòte yo byen pwòp.
[5] Vrèmanvre, mwen pa konsidere mwen enferyè nan anyen ak apot ki swadizan siperyè yo.
[6] Menm si langaj mwen òdinè, konesans mwen pa òdinè. Okontrè, tout jan, nan tout bagay, mwen menm ak lòt yo, nou demontre NOU sa.
[7] Oubyen tou, poutèt mwen te anonse nou levanjil Bondye a gratis, poutèt mwen te rabese tèt mwen pou Bondye te ka leve NOU, èske se yon peche mwen te fè?
[8] Se kòmsi se piye mwen te piye lòt legliz, lè mwen resevwa salè nan men yo pou mwen sèvi NOU.
[9] Menm lè mwen te lakay NOU an, lè mwen te nan nesesite, mwen pa t sou kont pèsonn. Paske, frè ki te sot Masedwàn yo te ban mwen tout sa mwen te bezwen. Mwen veye tèt mwen nan tout bagay pou mwen pa yon chay pou NOU, e m ap kontinye veye.
[10] Se verite Kris la ki nan mwen. Donk, moun pa ka fè mwen sispann fè lwanj sa a nan zòn Akayi.
[11] Poukisa atò? Èske se paske mwen pa renmen NOU? Bondye konnen!
[12] Men, sa mwen fè a, m ap toujou fè l. Konsa, mwen koupe okazyon pou moun ki ta renmen yon okazyon pou zòt konsidere, kòmkwa se menm lwanj y ap fè avèk nou.
[13] Epoutan, moun konsa, se fo apot yo ye, ouvriye rize k ap fè tèt yo pase pou apot Kris!
[14] E, sa pa yon sezisman, paske, menm Satan fè tèt li pase pou zanj limyè.
[15] Donk, si sèvitè l yo ap fè tèt yo pase pou sèvitè jistis tou, se pa yon gwo afè. Y ap fini nan pye travay yo.
[16] M ap di l ankò: Pinga pèsonn panse mwen fou. Osinon, se pou NOU aksepte m tankou moun fou, dekwa pou mwen menm tou, mwen ka fè yon ti lwanj pou tèt mwen.
[17] Lè mwen pale avèk asirans sa a pou mwen fè lwanj pou tèt mwen, se pa daprè Senyè a, m ap pale. Men, mwen pale an moun fou.
[18] Kòm anpil moun ap fè lwanj pou tèt yo daprè lachè, ebyen, m ap fè lwanj pou tèt mwen tou.
[19] Dayè, se moun saj NOU ye, NOU byen kontan sipòte moun fou!
[20] Vrèmanvre, si se yon moun k ap fè NOU esklav li, si se yon moun k ap piye NOU, si se yon moun k ap resevwa nan men NOU, si se yon moun k ap fè awogan, si se yon moun k ap frape NOU nan figi, NOU sipòte l.
[21] Mwen wont di sa: Genlè se mwen menm ak lòt yo ki te sitirè! Ebyen, kite m pale an moun fou: Nenpòt lwanj yon moun ka oze fè, mwen ka oze fè l tou.
[22] Se Ebre yo ye? Mwen menm tou! Yo se Izrayelit? Mwen menm tou! Yo se desandan Abraam? Mwen menm tou!
[23] Yo se sèvitè Kris? Kite m pale an moun ki deraye: Mwen pi sèvi l pase yo! Nan travay? Pi plis! Nan kout raso? Se depase mezi! Nan pran prizon? Pi plis! Nan manke mouri? Se tout tan!
[24] An senk fwa, mwen resevwa rakle karant kou mwens youn nan nan men Juif yo.
[25] Mwen pran baton twa fwa. Moun kalonnen m wòch yon fwa. Bato fè nofraj avèk mwen an twa fwa. Mwen pase yon jou, yon nuit nan labim.
[26] Se tout tan, m ap vwayaje. Mwen pase danje rivyè, danje nan mitan vòlè, danje nan men moun ras mwen, danje nan men moun lòt nasyon, danje nan vil, danje nan dezè, danje nan lanmè, danje nan mitan fo frè.
[27] Mwen travay, mwen trimen. Se tout tan, m ap pase nuit, mwen anba grangou ak swaf, mwen nan jèn, mwen anba fredi, epi mwen san rad.
[28] San konte lòt bagay, chak jou, tèt chaje tout legliz yo ap toumante mwen.
[29] Ki moun ki fèb, epi pou mwen pa fèb tou? Ki moun ki chite, epi pou mwen pa boule nan kè m.
[30] Si mwen dwe fè lwanj, se pou bagay ki montre jan mwen fèb, m ap fè lwanj.
[31] Sila ki Bondye epi ki Papa Senyè Jezi Kris la, sila ki beni pou letènite a, li konnen mwen p ap bay manti.
[32] Nan Damas, gouvènè wa Aretas la te fè veye vil moun Damas yo. Li te vle arete mwen.
[33] Men, yo mete m nan yon pànye, yo file m anba nan yon fenèt nan miray la. E, se konsa mwen chape anba men l.