Skip to content
Opens in a new window

[1] Frè nou yo, kite nou fè NOU konnen jan Bondye bay legliz Masedwàn yo gras li.

[2] Tribilasyon t ap teste yo anpil. E, malgre yo te pòv dènye degre, lajwa t ap debòde nan kè yo. Konsa, yo bay anpil ak tout kè yo, kòmsi yo te rich.

[3] Mwen ka temwaye sa. Yo chwazi pou yo bay sa yo te kapab, epi menm plis pase sa yo te kapab.

[4] Yo sipliye mwen menm ak lòt yo anpil, yo mande nou tankou yon gras, pou yo patisipe nan rann sen yo sèvis sa a.

[5] Nou pa t menm espere sa konsa. Okontrè menm, se tèt yo, an premye, yo bay Senyè a avèk nou menm, daprè volonte Bondye.

[6] Se sa k fè nou te ankouraje Tit, pou l fini zèv sa a lakay NOU menm tou, menm jan li te kòmanse l anvan an.

[7] Dayè NOU menm, Korentyen, NOU rich nan tout bagay, nan lafwa, nan pale, nan konesans, nan tout kalite dilijans, nan lamou NOU pou mwen menm ak lòt yo. Ebyen, menm jan an tou, N a fè dekwa pou NOU rich parapò ak zèv sa a tou.

[8] Alò, se pa lòd m ap pase NOU. Men, mwen sèvi ak dilijans lòt yo, pou mwen teste si lamou NOU sensè.

[9] Dayè, NOU konnen gras Senyè nou an, Jezi Kris. Li te rich, men, li fè tèt li pòv pou NOU, dekwa pou NOU menm, NOU ka rich akòz li menm, li pòv.

[10] Se yon konsèy m ap bay sou sa. Dayè, se pou byen NOU. Wi, depi ane pase, se NOU menm ki te kòmanse fè zèv sa a. Non sèlman sa, men, se NOU ki te kòmanse vle l tou.

[11] Ebyen, kounye a, se pou NOU fin fè l. Konsa, menm jan NOU te dispoze vle l la, konsa tou, N a dispoze fini l, daprè sa NOU genyen.

[12] Vrèmanvre, si yon moun dispoze, Bondye ap aksepte sa li genyen, men, pa sa li pa genyen.

[13] Alò, sa pa vle di pou lòt moun yo alèz epi pou NOU menm, NOU nan tribilasyon. Okontrè! Se pou nou egalego.

[14] Sa vle di, kounye a, NOU gen anpil, se pou NOU ede yo nan nesesite yo. Konsa, lè yo gen anpil epi NOU nan nesesite, y a ede NOU tou. Konsa, l a vin egalego.

[15] Se konsa sa ekri: Sila ki te ranmase anpil la pa t gen anyen anplis. E, sila ki te ranmase ti kras la pa t manke anyen.

[16] Men, remèsiman pou Bondye! Paske, menm dilijans, mwen menm ak lòt yo, nou genyen pou NOU an, li mete l nan kè Tit tou.

[17] Li te resevwa ankourajman nou an vre. Men, li fè plis dilijans pase sa: Se li menm poukont li ki chwazi ale kote NOU.

[18] Mwen menm ak lòt yo, nou voye frè a ansanm avèk li. Se yon frè tout legliz ap fè lwanj pou li, pou sa l fè pou levanjil la.

[19] E, se pa sa sèlman, okontrè menm, legliz yo chwazi l pou li vwayaje ansanm avèk nou nan zèv sa a. E, n ap administre zèv sa a pou n montre glwa Senyè a ak bon dispozisyon nou.

[20] Nou fè aranjman sa a, dekwa pou pèsonn pa kritike jan nou administre pil lakolèt sa a.

[21] Nou chèche fè sa ki byen, pa sèlman devan Senyè a, men, devan lèzòm tou.

[22] Alò, nou voye frè nou an ansanm avèk yo. Nou teste l plizyè fason, e li demontre dilijans li. Kounye a menm, l ap fè plis dilijans toujou, paske, NOU menm, Korentyen, li fè NOU konfyans anpil.

[23] Pou Tit li menm, li se asosye mwen, l ap travay ansanm avèk mwen pou NOU. Pou frè nou yo menm, yo se misyonè legliz voye, yo se glwa Kris.

[24] Donk, demontre tout Legliz yo NOU gen lamou vre, demontre mwen menm ak lòt yo gen rezon fè lwanj pou NOU devan frè yo.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters