Skip to content
Opens in a new window

[1] Mwen menm Pòl ki swadizan timid lè mwen fasafas avèk NOU epi ki sevè avèk NOU lè mwen lwen NOU, m ap egzòte NOU avèk dousè epi avèk bonte Kris.

[2] Kèk moun konsidere mwen tankou se daprè lachè m ap mache. M ap sipliye NOU pou lè mwen la, mwen pa oblije sevè nan asirans mwen gen lide demontre kont yo a.

[3] Paske, menm si se nan yon kò chè n ap mache, se pa daprè lachè n ap konbat.

[4] Paske, se pa ak zam lèzòm n ap konbat, men, grasa Bondye, se ak zam ki ase pisan pou kraze fòtrès.

[5] Nou kraze rezònman ak tout pretansyon ki anpeche moun konnen Bondye. Nou fè tout plan soumèt yo pou yo obeyi Kris.

[6] E, nou pare pou nou pini tout moun ki nan dezobeyisans, lè NOU menm, Korentyen, obeyisans NOU va total.

[7] Se sou aparans, NOU menm Korentyen, N ap gade. Si yon moun konvenk tèt li, se moun Kris li ye, men sa li menm ankò li dwe konsidere: Menm jan li moun Kris la, se konsa, mwen menm ak lòt yo, nou se moun Kris tou.

[8] Paske, Senyè a ban mwen otorite pou mwen edifye NOU. Li pa ban mwen l pou mwen kraze NOU. E, menm si kòmkwa mwen ta fè twòp lwanj pou sa, mwen p ap wont,

[9] dekwa pou mwen pa parèt tankou se kraponnen m ap kraponnen NOU ak lèt mwen yo.

[10] Paske, gen moun ki di: «Lèt misye yo rèd, yo sevè. Men, lè se misye menm ki parèt, li mòlòkòy, moun meprize pawòl li.»

[11] Men sa yon moun konsa dwe rekonèt: Menm jan mwen pale nan lèt mwen yo lè mwen pa la, ebyen, se konsa mwen aji tou, lè mwen la.

[12] Paske, mwen menm ak lòt yo, nou pa oze ni mete tèt nou nan ran kèk moun k ap rekòmande tèt yo, ni konpare tèt nou avèk yo. Okontrè, lè y ap mezire tèt yo ak pwòp tèt yo epi y ap konpare tèt yo ak pwòp tèt yo konsa, yo pa entèlijan.

[13] Pou nou menm, nou p ap fè lwanj pou tèt nou parapò ak bagay ki deyò limit nou. Men, n ap fè lwanj pou tèt nou daprè limit bòn ministè Bondye mezire ban nou, yon limit ki rive, jis kote NOU menm, Korentyen, NOU ye a tou.

[14] Paske, se pa kòmsi mwen menm ak lòt yo, nou pa t dwe rive kote NOU an, epi nou lonje tèt nou la. Vrèmanvre, nou rive jis kote NOU an tou, ak levanjil Kris la.

[15] Non, nou pa fè lwanj pou tèt nou parapò ak travay lòt moun ki deyò limit nou. Men, espwa nou se pou toutotan lafwa NOU menm, Korentyen, ap devlope, pou fwontyè ministè, mwen menm ak lòt yo fè a, ap grandi anpil pami NOU.

[16] Konsa, n a anonse levanjil la kote ki pi lwen lakay NOU, san nou pa fè lwanj pou ministè ki deja fèt nan fwontyè lòt moun.

[17] Moun k ap fè lwanj pou tèt yo, se pou yo fè lwanj pou tèt yo grasa Senyè a.

[18] Paske, se pa moun ki rekòmande tèt yo, Senyè a aksepte, men se moun Senyè a rekòmande.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters