[1] Konsa, grasa pitye Bondye pou nou, nou gen ministè sa a. Se poutèt sa, nou pa lage.
[2] Okontrè! Nou renonse ak bagay kòwonpi k ap fèt anba chal. Nou pa viv nan riz. Nonplis tou, nou pa defòme pawòl Bondye a. Men, nou prezante verite a klè. E, se sa ki rekòmandasyon nou nan konsyans tout moun, devan Bondye.
[3] Alò, si gen yon vwal toujou sou levanjil nou an, ebyen, se nan moun k ap peri yo vwal la ye.
[4] Bondye monn sa a bouche lespri moun san lafwa sa yo pou limyè levanjil la, pou glwa Kris la pa klere sou yo. E, Kris se imaj Bondye.
[5] Vrèmanvre, se pa tèt nou n ap preche, men se Senyè Jezi Kris. Epoutan, akòz Jezi, nou preche tèt nou kòm sèvitè pou NOU menm, Korentyen.
[6] Paske, Bondye te di: «Se pou limyè klere nan mitan fènwa.» E, se Bondye menm ki klere nan kè nou pou ban nou limyè moun jwenn, lè yo konnen glwa Bondye ki sou figi Jezi Kris la.
[7] Men, trezò sa a ki nan nou an, se tankou se nan yon ja an tè n ap pote l. Konsa, li klè, gwo pisans sa a pa soti nan nou, men, nan Bondye.
[8] Nou pase tout tray, men, nou pa demanbre. Tèt nou konn chofe, men, nou pa janm pèdi espwa.
[9] Yo konn pèsekite nou, men, Bondye pa janm abandone nou. Nou tonbe, men, yo pa rive elimine nou.
[10] Tout tan, se lanmò Senyè Jezi Kris n ap pote nan kò nou. Konsa tou, lavi Jezi parèt aklè nan kò nou.
[11] Vrèmanvre, nou menm k ap viv, se tout tan yo livre nou bay lanmò akòz Jezi. Konsa tou, lavi Jezi parèt aklè nan chè sa a ki ka mouri a.
[12] Kifè, yon bò, lanmò ap travay nan nou, yon lòt bò, lavi ap travay nan nou.
[13] Men sa ki ekri: «Mwen kwè, donk, mwen pale.» Kòm menm Lespri ki bay lafwa sa a, se li nou genyen, ebyen, nou menm tou, nou kwè, se poutèt sa tou, nou pale.
[14] Paske, nou konnen, sila ki te resisite Senyè Jezi a ap resisite nou grasa Jezi, epi l ap prezante nou ansanm avèk NOU menm, Korentyen.
[15] Paske, se poutèt NOU menm, tout bagay sa yo rive. Konsa, pandan gras la ap gaye sou plis moun, remèsiman ap ogmante tou, pou glwa Bondye.
[16] Se poutèt sa, nou pa lage. Okontrè! Menm si kò nou fennen sou deyò, Bondye ap fè andedan nou tou nèf, jou apre jou.
[17] Vrèmanvre, tribilasyon nou yo lejè, yo la pou yon ti moman. Men, sa y ap donnen pou nou, se yon chay glwa ki depase tout mezi epi k ap la pou letènite.
[18] Konsa, se pa bagay je ka wè, n ap veye, men, se bagay je pa ka wè. Paske, bagay je ka wè yo ap pase. Men, bagay je pa ka wè yo, yo la pou letènite.