Skip to content
Opens in a new window

[1] Kòm se ansanm avèk Bondye n ap travay, n ap egzòte NOU pou NOU pa resevwa gras Bondye a epi pou l rete initil.

[2] Paske, Bondye di: Nan tan mwen aksepte moun, mwen te koute w. E, jou mwen sove moun, mwen te pote w sekou. Gade! Tan Bondye ap aksepte moun nan, se kounye a. Gade! Jou l ap sove moun nan, se kounye a.

[3] Mwen menm ak lòt yo, nou pa fè anyen ki pou ta lakòz pèsonn bite, dekwa pou moun pa kritike ministè a.

[4] Okontrè! Nou demontre nou se sèvitè Bondye nan tout bagay, nan andire anpil bagay, anba tribilasyon, nan nesesite, nan tèt chaje,

[5] anba baton, nan prizon, nan mitan dechoukay, nan travay di, nan pase nuit blanch, nan jèn.

[6] Nou demontre l nan jan lavi nou pwòp, nan konesans nou, nan pasyans nou, nan bonte nou, nan Lespri Sen an, nan lamou nou ki san ipokrizi,

[7] nan mesaj verite a, nan pisans Bondye. Nou demontre l avèk zam jistis yo ki la ni pou atak, ni pou defans.

[8] Nou demontre l nan glwa ak nan dezonè, avèk ni bon non, ni move non. Nou demontre l lè yo trete nou tankou moun ki sou blòf, alòske nou nan laverite;

[9] tankou moun yo pa rekonèt, alòske yo byen rekonèt nou; tankou moun mouri, alòske gade! Nou vivan; tankou moun yo bat, alòske yo pa tiye nou.

[10] Nou demontre l, lè yo trete nou tankou moun nan lapenn, alòske nou toujou nan lajwa; tankou moun pòv, alòske nou fè anpil moun rich; tankou moun ki san byen, alòske nou posede tout bagay.

[11] Moun Korent, mwen menm ak lòt yo, nou louvri bouch nou pou nou pale ak NOU. Kè nou louvri byen laj.

[12] Li pa fèmen pou NOU, Korentyen. Se NOU menm ki fèmen kè NOU pou mwen menm ak lòt yo.

[13] Kite m pale avèk NOU tankou pitit mwen: Fè menm jès la avèk mwen. Louvri kè NOU byen laj pou mwen tou.

[14] Pa mete tèt NOU nan menm jouk ak moun ki pa konvèti. Vrèmanvre, èske jistis ka nan asosye ak rebelyon? Èske limyè ka gen inyon ak fènwa?

[15] Èske Kris ka nan kòkòday ak Belyal? Oubyen, èske yon moun ki konvèti ka fè akò ak yon moun ki pa konvèti?

[16] Èske tanp Bondye a ka kolabore ak zidòl? Epoutan, menm jan Bondye te di l la, nou menm, se tanp Bondye vivan an, nou ye. Bondye te di: Mwen va abite, mwen va mache nan mitan yo. Mwen va Bondye yo. E, yo menm, yo va pèp mwen.

[17] Poutèt sa, Senyè a di: «Soti nan mitan yo! Separe tèt nou! Pa manyen bagay ki pa pwòp. Epi, mwen menm, m a resevwa nou.

[18] Mwen va yon Papa pou nou. Epi, nou menm, nou va pitit gason mwen ak pitit fi mwen. Se Senyè Toupisan an ki di sa!»

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters