Skip to content
Opens in a new window

[1] Vrèmanvre, fè lwanj pa itil mwen anyen. Kanmenm, m ap vin sou vizyon ak revelasyon Senyè a te bay.

[2] Mwen konnen yon nonm ki nan Kris. Sa fè katòzan, li te transpòte jis nan twazyèm syèl. Kit se te avèk kò li, mwen pa konnen. Kit se te san kò li, mwen pa konnen. Se Bondye ki konnen.

[3] Men, mwen konnen nonm sa a te transpòte jis nan paradi. Kit se te avèk kò li, mwen pa konnen. Kit se te san kò li, mwen pa konnen. Se Bondye ki konnen.

[4] Misye tande pawòl moun pa ni ka di, ni an dwa pale.

[5] M a fè lwanj yon moun konsa. Men, pou tèt pa m, mwen pa ka fè lwanj, eskepte pou feblès mwen yo.

[6] Vrèmanvre, menm si mwen ta vle fè lwanj pou tèt mwen, mwen pa t ap yon moun fou, paske se laverite mwen t ap di. Men, mwen evite sa, dekwa pou kèk moun pa konsidere mwen plis pase sa yo wè mwen ye, oubyen plis pase sa yo tande sou mwen.

[7] Epi, pou mwen pa vante tèt mwen akòz gwosè revelasyon sa yo, Bondye ban mwen yon pikan nan kò m, yon zanj Satan pou souflete m, pou mwen ka pa vante tèt mwen.

[8] An twa fwa, mwen sipliye Senyè a pou li fè l pati sou mwen.

[9] Men, Senyè a di mwen: «Gras mwen ase pou ou. Paske, pisans mwen total nan feblès.» Donk, avèk anpil kontantman, mwen pito fè lwanj feblès mwen yo, dekwa pou pisans Kris ka ret poze sou mwen.

[10] Se poutèt sa, mwen pran plezi anba feblès, anba jouman, anba nesesite, anba pèsekisyon, nan detrès m ap sibi pou Kris. Paske, lè mwen fèb, se atò mwen fò.

[11] Fè lwanj fè m vin fou! Men, se NOU menm ki fòse m. Paske, se NOU ki te dwe rekòmande mwen. Vrèmanvre, malgre mwen pa anyen, mwen pa enferyè nan anyen ak apot ki swadizan siperyè yo.

[12] Siy ki montre yon moun apot, se mirak siy, mèvèy ak mirak. Mwen te demontre yo devan NOU ak tout pasyans mwen.

[13] Vrèmanvre, nan kisa NOU enferyè ak lòt legliz yo? Petèt se sèlman paske mwen pa t sou kont nou! Ebyen, padone m pou enjistis sa a!

[14] Gade! Sa fè twazyèm fwa mwen pare pou mwen al lakay NOU. E, mwen pa t sou kont NOU, paske se NOU menm, mwen vle, se pa afè NOU. Dayè, se paran ki fè ekonomi pou pitit, se pa pitit ki fè ekonomi pou paran.

[15] Menm si, plis mwen renmen NOU se mwens NOU renmen mwen, men, mwen menm, m ap byen kontan depanse pou nanm NOU. Menm tèt mwen, m a depanse.

[16] Daprè NOU menm, menm si se vre, mwen pa t sou kont NOU, men, an bon mètdam, mwen pran NOU ak riz!

[17] Èske mwen sèvi ak okenn nan moun mwen te voye lakay NOU yo pou mwen eksplwate NOU?

[18] Mwen te ankouraje Tit ale lakay NOU, e, mwen te voye frè a avèk li. Èske Tit te eksplwate NOU? Li menm avèk mwen, èske se pa ak menm Lespri a nou mache? Èske se pa nan menm siyon yo nou mache?

[19] NOU mèt panse ankò, se defann, mwen menm ak lòt yo, n ap defann tèt nou devan NOU. Men, se nan Kris, devan Bondye, nou pale. Byenneme, tout bagay sa yo nou di a, se pou nou ka edifye NOU.

[20] Paske, mwen pè pou lè m vini, pou petèt mwen ta jwenn NOU jan mwen pa vle NOU ye a epi pou nou ta jwenn mwen jan NOU pa vle mwen ye a. Mwen pè pou se pa kont, jalouzi, fache, anbisyon, medizans, tripotay, ògèy ak dezòd ki genyen.

[21] Mwen pè, lè m vini, pou Bondye m nan pa rabese m ankò devan NOU. Mwen pè pou se pa kriye, mwen kriye pou anpil moun ki te peche anvan sa, moun ki t ap viv nan salte, nan imoralite ak nan libètinaj, men, ki pa janm repanti anba bagay sa yo.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters