Skip to content
Opens in a new window

[1] Byenneme, se pwomès sa yo nou genyen. Donk, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki kontamine kò ak lespri. Epi, avèk krentif pou Bondye, annou fin sangtifye tèt nou nèt.

[2] Fè plas nan kè NOU pou nou. Mwen menm ak lòt yo, nou pa fè pèsonn mal. Nou pa rinen pèsonn. Nou pa eksplwate pèsonn.

[3] Alò, mwen pa di sa pou mwen kondane pèsonn. Dayè, mwen deja di NOU sa: NOU nan kè mwen menm ak lòt yo, kit pou nou mouri ansanm, kit pou nou viv ansanm.

[4] Mwen gen anpil konfyans nan NOU. Mwen vante tèt mwen anpil pou NOU. Ankourajman plen kè mwen, lajwa ap debòde nan kè mwen malgre tout tribilasyon nou yo.

[5] Vrèmanvre, menm lè nou te rive Masedwàn, kò nou pa t poze. Okontrè, nou pase tout kalite tray: Nou t ap lite toutotou nou, epi nou te pè nan kè nou.

[6] Men, Bondye ki konn ankouraje malere a, se li ki te ankouraje nou, ak rive Tit te rive a.

[7] E, se pa paske li te fè Tit rive sèlman, okontrè, li te ankouraje nou tou ak menm ankourajman Tit te resevwa nan men NOU an. Tit rakonte mwen menm ak lòt yo afeksyon NOU, kriye NOU, devouman NOU pou mwen menm ak lòt yo. E, sa fè nou pi kontan toujou.

[8] Se sa k fè tou, malgre lèt mwen an te fè NOU lapenn, mwen pa regrèt. Mwen wè, vrèmanvre, malgre se pou yon ti moman, lèt sa a te fè NOU lapenn. E, menm si, lè sa a, mwen te regrèt,

[9] ebyen, kounye a, mwen kontan. Alò, se pa paske NOU te nan lapenn ki fè mwen kontan, men, se paske akòz NOU te nan lapenn nan, NOU vin repanti. Vrèmanvre, se Bondye ki te fè NOU nan lapenn. Konsa, NOU pa sibi okenn pèd akòz mwen menm ak lòt yo.

[10] Paske, lapenn ki soti nan Bondye a donnen yon repantans pou fè moun sove. Moun pa regrèt sa! Men, lapenn ki soti nan lemonn nan donnen lanmò.

[11] Dayè, gade! Poutèt sa menm, poutèt Bondye te fè NOU nan lapenn nan, ala yon dilijans, ala yon defans, ala yon endiyasyon, ala yon krentif, ala yon afeksyon, ala yon devouman, ala yon pinisyon li donnen nan NOU! Tout jan sa yo, NOU demontre NOU inosan nan afè sa a.

[12] Donk, menm si mwen te ekri NOU konsa, se pa t ni poutèt moun ki te fè mal la, ni poutèt moun ki te sibi mal la. Men, mwen te ekri pou dilijans NOU ka parèt aklè, dilijans NOU genyen anvè mwen menm ak lòt yo pami NOU, devan Bondye.

[13] E, se nan sa nou te jwenn ankourajman. Anplis ankouraje NOU te ankouraje mwen menm ak lòt yo, nou te pi kontan toujou pou jan Tit, li menm, te kontan, dèske NOU tout, Korentyen, NOU te rafrechi lespri li.

[14] Vrèmanvre, malgre mwen te fè lwanj pou NOU devan li nan kèk bagay, ebyen, mwen pa soti wont. Okontrè! Kòm se daprè laverite, mwen menm ak lòt yo, nou toujou pale avèk nou, konsa tou, lwanj nou te fè devan Tit la vin klè se te laverite l te ye tou.

[15] E, lè l sonje jan NOU tout, Korentyen, NOU te obeyi li, afeksyon li pou NOU vin pi plis toujou. Vrèmanvre, NOU te pè, NOU t ap tranble lè NOU te resevwa l la.

[16] Mwen kontan dèske nan tout bagay, mwen ka fè NOU konfyans.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Korent lan — Chapters