[1] Alò, sa mwen te deside nan kè mwen, sèke mwen pa t aprale lakay NOU nan lapenn ankò.
[2] Paske, si se mwen menm ki fè NOU lapenn, ebyen, kilès ki pou fè m kontan, si se pa moun mwen te fè lapenn nan?
[3] E, se sa menm, mwen te ekri NOU, dekwa, lè mwen ta vini an, pou se pa lapenn, mwen jwenn nan men moun ki ta dwe ban mwen lajwa yo. Mwen gen konfyans sa a nan NOU tout: Si mwen kontan, se NOU tout ki kontan.
[4] Vrèmanvre, lè mwen t ap ekri NOU an, anpil dlo te nan je m, mwen te nan anpil tribilasyon, kè m te sere. E, mwen pa t ekri pou mwen fè NOU lapenn, men, pou NOU te ka rekonèt, mwen renmen NOU anpil, anpil.
[5] Men, si yon moun lakòz gen lapenn, se pa mwen menm, li fè lapenn. Okontrè! San mwen pa lage yon twò gwo chay sou NOU, yon jan, se NOU tout li fè lapenn.
[6] E, sanksyon, pi fò nan NOU pran kont li a, ase pou li.
[7] Okontrè, kounye a, pito NOU padone li epi NOU ankouraje li. Osinon, yon moun konsa ka akable anba yon twò gwo lapenn.
[8] Se poutèt sa, m ap ankouraje NOU pou NOU demontre lamou NOU pou li ankò.
[9] Vrèmanvre, se sa mwen te ekri NOU tou, dekwa pou mwen te teste NOU pou mwen konnen si NOU obeyi mwen nan tout bagay.
[10] Si NOU padone yon moun pou yon bagay, mwen padone l tou. Dayè, si mwen padone yon moun pou yon bagay, devan Kris, se poutèt NOU menm, mwen padone l.
[11] Konsa, Satan p ap eksplwate nou. Paske, nou byen konnen plan l yo.
[12] Lè mwen te rive Twowas, mwen anonse levanjil Kris la. Senyè a te louvri yon pòt pou mwen.
[13] Malgre sa, lespri m pa t poze, paske mwen pa t jwenn frè mwen Tit la. Kifè, mwen di moun yo orevwa, m ale Masedwàn.
[14] Men, remèsiman pou Bondye! Se li ki toujou dirije nou nan defile pou laviktwa, nou genyen nan Kris la. Se li ki sèvi ak nou pou l gaye odè konesans li toupatou.
[15] Vrèmanvre, pou Bondye, nou se pafen Kris, ni pami moun k ap sove yo, ni pami moun k ap peri yo.
[16] Pou sa k ap peri yo, nou se odè lanmò pou bay lanmò. Pou sa k ap sove yo, nou se odè lavi pou bay lavi. E, ki moun ki ase maton pou bagay sa yo.
[17] Paske, nou pa tankou lòt moun yo k ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè! Nou sensè. Plis ankò, se Bondye ki voye nou. E, se devan Bondye, nan Kris, nou pale.