[1] Èske se rekòmande, mwen menm ak lòt yo ap kòmanse rekòmande tèt nou ankò? Amwenske, tankou kèk moun, mwen menm ak lòt yo, nou ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou NOU menm, Korentyen, NOU ban nou, oubyen youn pou nou resevwa nan men NOU menm, Korentyen!
[2] Lèt pa nou, se NOU menm, Korentyen. E, se sou kè nou li ekri. Tout moun konnen l, tout moun li l.
[3] Sa klè: NOU se yon lèt Kris ekri grasa ministè, mwen menm ak lòt yo, nou fè. E, se pa avèk lank li ekri l, men, se avèk Lespri Bondye vivan an. Se pa sou yon adwaz an wòch li ekri l, men, se sou yon adwaz an chè, se sou kè NOU.
[4] Alò, grasa Kris, se konfyans sa a nou genyen devan Bondye.
[5] Se pa yon konfyans kòmkwa nou kapab fè kichòy poukont nou, jis pou nou ta konsidere se nou menm ki fè l. Okontrè! Tout sa nou kapab fè, se grasa Bondye!
[6] Se li menm tou ki prepare nou pou nou vin sèvitè pou yon nouvèl alyans, yon alyans ki pa lwa ki te ekri a, men, ki se Lespri a. Paske, lwa ki te ekri a bay lanmò, alòske, Lespri a bay lavi.
[7] Pwogram ki bay lanmò a, se mo Bondye trase sou wòch, li te ye. Li te parèt avèk glwa. Tèlman vre, desandan Izrayèl yo pa t kapab fikse je yo sou figi Moyiz, akòz glwa ki te nan figi l la. Epoutan, glwa a t ap pase.
[8] Si glwa pwogram ki bay lanmò a te konsa, glwa pwogram Lespri a ap pi plis toujou, pa vre?
[9] Vrèmanvre, si menm pwogram ki bay kondanasyon an te gen glwa, se plis rezon toujou, pou pwogram ki bay jistis la gen yon glwa ki depase l.
[10] Paske, nan ka sa a, ansyen glwa a pa t pi glwa pase sa, tank glwa kounye a kouvri l.
[11] Vrèmanvre, si sa ki t ap pase a te parèt ak glwa, se plis rezon toujou pou sa k ap toujou rete a gen glwa.
[12] Donk, kòm se kalite esperans sa a nou genyen, ebyen, nou preche ak anpil asirans.
[13] Nou pa tankou Moyiz. Li te mete yon vwal sou figi l pou desandan Izrayèl yo pa t fikse je yo sou kijan glwa ki t ap pase a t ap fini.
[14] Antouka, tèt yo te di. Paske, pou jis jodi a, lè y ap li Ansyen Testaman an, menm vwal la rete toujou. Bondye pa retire l, paske se nan Kris li anile.
[15] Wi, jis jodi a, lè y ap li pawòl Moyiz yo, gen yon vwal ki poze sou kè yo.
[16] Men, chak fwa yon moun vire kè l bay Senyè a, Senyè a wete vwal la.
[17] E, Senyè sa a se Lespri a. E, kote Lespri Senyè a ye, gen libète la.
[18] Men, nou tout, ki gen figi nou devwale epi ki gen glwa Senyè a ap klere nan figi nou tankou se te nan yon glas, n ap transfòme, glwa apre glwa, pou jis nou rive menm pòtre avèk Senyè a, grasa Senyè ki se Lespri a.