[1] Frè mwen yo, menm si yo bare yon moun nan yon fot, nou menm, Lespri a ap dirije, se pou nou drese yon moun konsa avèk yon lespri dousè. Epi, veye tèt nou pou nou pa tonbe nan menm tantasyon an.
[2] Nou youn dwe ap pote chay lòt. E, konsa, n a akonpli lwa Kris la.
[3] Paske, si yon moun panse li se kichòy, alòske li pa anyen vre, se tèt li l ap twonpe.
[4] Men, se pou chak moun egzamine travay pa yo. Lè sa a, y a vante tèt yo parapò ak pwòp tèt yo, men, pa parapò ak lòt moun.
[5] Paske, chak moun dwe pote fado pa yo.
[6] Men, moun y ap anseye pawòl la dwe pataje tout bon bagay ak moun k ap anseye l la.
[7] Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka betize ak Bondye. Vrèmanvre, sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.
[8] Paske, moun k ap simen pou pwòp chè yo, se pouriti y ap rekòlte nan chè a. Moun k ap simen pou Lespri a, se lavi etènèl y ap rekòlte nan Lespri a.
[9] Men, annou pa bouke fè byen. Paske, si nou pa febli, n ap rekòlte nan tan ki fikse a.
[10] Donk, toutotan nou gen okazyon, annou travay pou nou fè byen pou tout moun, sitou pou moun ki manm fanmi nou nan lafwa.
[11] Gade ak ki gwosè lèt m ap ekri nou. Se ak pwòp men mwen, m ap ekri nou.
[12] Moun k ap fòse nou sikonsi yo, se moun ki vle fè granchire nan lachè. E, tout sa, se sèlman pou yo ka pa pèsekite yo pou kwa Kris la.
[13] Paske, moun ki sikonsi sa yo, menm yo menm, yo pa obsève lalwa. Alò, yo vle nou sikonsi, dekwa pou yo ka vante tèt yo grasa kò nou.
[14] Men, pou mwen menm, mwen p ap janm vante tèt mwen, sof si se ta pou kwa Senyè nou an, Jezi Kris. Grasa li, Bondye krisifye lemonn pou mwen, e li krisifye m parapò ak lemonn.
[15] Paske, nan Kris, sa k gen fòs, se pa ni lè yon moun sikonsi, ni lè li pa sikonsi, men, se lè li yon nouvo kreyasyon.
[16] E, moun ki va kondi tèt yo daprè prensip sa a, ebyen, lapè ak pitye avèk yo epi avèk Izrayèl Bondye a.
[17] Apre sa, pinga pèsonn nui m. Paske, mwen pote mak Senyè Jezi nan kò m.
[18] Frè mwen yo, gras Jezi Kris Senyè nou avèk lespri nou. Amèn!