[1] Men sa m ap di: Toutotan yon eritye timoun, malgre se li ki mèt tout bagay, pa gen okenn diferans ant li menm ak yon esklav.
[2] Okontrè, li anba sipèvizè ak administratè, jiskaske tan papa l te fikse a rive.
[3] Se konsa sa ye pou nou menm tou. Lè nou te timoun, nou te esklav bagay preliminè monn nan.
[4] Men, lè tan an te akonpli, Bondye voye Pitit li a. Se yon fi ki te fè l, e li te fèt sou lalwa.
[5] Bondye voye l, dekwa pou li te ka rachte moun ki anba lalwa yo, pou nou te ka resevwa adopsyon an.
[6] E, paske se pitit li nou ye, Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou. L ap rele: Aba! O Papa!
[7] Konsa, ou pa esklav ankò, ou se pitit. E, si se pitit ou ye, ou se eritye Bondye, grasa Kris.
[8] Epoutan, anvan sa, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav bondye ki pa vre Bondye yo.
[9] Men, kounye a, nou konnen Bondye, oubyen, Bondye konnen nou pito. Donk, kòman nou fè ap retounen nan bagay ki preliminè, bagay ki fèb ak bagay ki mizerab, jis pou nou vle vin esklav yo ankò?
[10] Se jou, se mwa, se epòk, se ane n ap obsève.
[11] Mwen pè pou nou, pou se pa pou anyen mwen te redi travay pami nou.
[12] M ap sipliye nou, frè mwen yo: Se pou nou tankou m, menm jan, mwen menm, mwen tankou nou. Se pa anyen mal nou fè m.
[13] Men, nou konnen se grasa yon maladi nan kò m, ki fè mwen te anonse nou levanjil la pou premye fwa.
[14] E, nou pa t ni meprize m, ni avili m poutèt eprèv mwen te genyen nan kò m nan. Okontrè, se tankou yon zanj Bondye, tankou Jezi Kris li menm, nou te resevwa m.
[15] Kisa ki te benediksyon pou nou lè sa a? Paske, mwen ka bay temwayaj sa a sou nou: Lè sa a, si sa te posib, menm je nou, nou ta rache pou nou ban mwen.
[16] Èske, kounye a, se lènmi nou mwen tounen poutèt mwen di nou laverite?
[17] Yo devwe pou nou yon jan ki pa byen. Okontrè menm, se separe yo vle separe nou avèk mwen, dekwa pou nou ka devwe pou yo.
[18] Se byen, pou moun devwe pou sa ki byen; men, fòk se tout tan, se pa lè m la sèlman.
[19] Pitit mwen yo, se tankou mwen gen tranche ankò pou nou, jis Kris fin pran fòm nan nou.
[20] Ala renmen mwen ta renmen la kote nou kounye a epi chanje jan m ap pale a! Paske, mwen twouble akòz nou menm.
[21] Men, di m non, nou menm sa yo ki vle anba lalwa: Èske nou pa koute sa lalwa di?
[22] Vrèmanvre, sa ki ekri ladan l sèke Abraam te genyen de pitit gason, youn ak fi ki te esklav la, youn ak fi ki te lib la.
[23] Men, pa fi ki te esklav la te fèt daprè lachè, alòske pa fi ki te lib la te fèt daprè pwomès la.
[24] Bagay sa yo se yon parabòl. Paske, fi sa yo se tankou de alyans yo. Youn se sa Mòn Sinayi a, sa ki fè pitit nan esklavaj la, sa vle di Aga.
[25] Vrèmanvre, Aga se Mòn Sinayi ann Arabi. Li koresponn ak Jerizalèm kounye a ki nan esklavaj ansanm ak pitit li yo.
[26] Men, Jerizalèm anwo nan syèl la, li menm, li lib. Se li ki manman nou tout.
[27] Vrèmanvre, men sa ki te ekri: Ou menm ki pa kapab fè pitit la, ou mèt rejwi! Ou menm ki pa gen tranche, ou mèt ri! Rele! Paske, fi ki te tankou tè sèk la, pitit li yo ap anpil, Y ap pi plis pase pa fi ki gen mari a.
[28] Men, nou menm, frè mwen yo, nou se pitit pwomès, menm jan ak Izaak.
[29] Men tou, menm jan, lè sa a, pitit ki te fèt daprè lachè a t ap pèsekite sa ki te fèt daprè Lespri a, se konsa sa ye tou kounye a.
[30] Epoutan, kisa Lekriti di? Li di: «Mete esklav la ak pitit li a deyò. Paske, pitit gason fi ki esklav la p ap eritye ansanm ak pitit gason fi ki lib la.»
[31] Kifè, frè mwen yo, nou pa pitit fi ki esklav la, nou se pitit fi ki lib la.