Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, sou katòzan, mwen monte Jerizalèm ankò, mwen menm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avèk mwen tou.

[2] E, mwen monte akòz yon revelasyon. M al apa ak moun ki resevwa konsiderasyon yo. Epi, mwen mete levanjil m ap preche lòt nasyon yo devan yo, dekwa pou se pa pou anyen m ap fè kous la oubyen mwen t ap fè kous la.

[3] Okontrè, menm Tit ki te avèk mwen, malgre se Grèk li ye, yo pa t fòse l sikonsi,

[4] atout fo frè ki t ap fofile kò yo pami nou. Yo te glise kò yo nan mitan nou pou yo te ka espyone nou nan libète nou genyen nan Kris la, pou yo te ka fè nou esklav.

[5] Nou pa sede devan yo, pa menm yon kadè, kòmsi pou n ta soumèt. Tout sa, se dekwa pou verite levanjil la te ka kontinye pami nou, an Galasi.

[6] Pou moun ki resevwa konsiderasyon kòmsi yo te kichòy yo … (Alò, nenpòt sa yo te ye a pa gen enpòtans pou mwen. Bondye pa gade sou figi moun.) Vrèmanvre, moun ki resevwa konsiderasyon yo pa t ajoute anyen anplis.

[7] Okontrè! Yo wè Bondye konfye m levanjil la pou ensikonsi yo, menm jan li te konfye Pyè levanjil la pou sikonsi yo.

[8] Vrèmanvre, sila ki travay nan Pyè ki fè l apot pou sikonsi yo, se li menm ki travay nan mwen tou ki fè m apot pou lòt nasyon yo.

[9] E, moun, yo konsidere kòm poto yo, Jak, Sefas ak Jan, rekonèt gras Bondye te ban m nan. Epi, yo bay mwen menm ak Banabas lamen kòm asosye, dekwa pou nou menm, nou travay pami lòt nasyon yo epi pou yo menm, yo travay pami sikonsi yo.

[10] Yon sèl bagay, fòk nou te toujou sonje pòv yo. E, mwen fè tout efò mwen, pou m fè sa.

[11] Men, lè Pyè vini Antyòch, mwen fè l opozisyon nan figi l, paske li te antò.

[12] Vrèmanvre, anvan kèk moun ki te sot kote Jak te vini, Pyè te konn manje ak moun lòt nasyon yo. Men, lè moun yo vini, li pran fè bak, li kòmanse separe tèt li avèk yo, paske li te pè moun sikonsi yo.

[13] Lòt Juif yo vin nan ipokrizi a avèk li tou. Epi konsa, yo charye menm Banabas nan ipokrizi yo a.

[14] Alò, lè mwen wè yo pa t ap mache dwat daprè verite levanjil la, mwen di Pyè devan tout moun: Si ou menm ki Juif se tankou moun lòt nasyon yo w ap viv, ou p ap viv tankou Juif, poukisa atò pou w ap fòse moun lòt nasyon yo viv tankou Juif?

[15] Nou menm, nou fèt tou Juif. Nou pa t fèt pami lòt nasyon ki swadizan pechè yo.

[16] Menm nou menm, nou konnen se pa daprè zèv lalwa, Bondye jistifye yon moun, men, se daprè lafwa l nan Jezi Kris. Kifè, nou te kwè nan Kris tou, pou Bondye te ka jistifye nou daprè lafwa nou nan Kris, men, pa daprè zèv lalwa. Paske, Bondye pa jistifye pèsonn moun daprè zèv lalwa.

[17] Bon, si nan chèche pou Bondye jistifye nou nan Kris, nou jwenn nou menm tou, se pechè nou ye, èske Kris ap sèvi kòz peche pou sa? Non, jamè!

[18] Paske, si mwen detui yon bagay epi mwen rebati l ankò, ebyen, mwen demontre se vyole mwen te vyole lalwa.

[19] Paske, mwen menm, se grasa lalwa ki fè mwen mouri parapò ak lalwa, dekwa pou mwen ka viv pou Bondye.

[20] Yo te krisifye m ansanm ak Kris. M ap viv, men, se pa mwen menm ankò k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. Malgre se nan yon kò m ap viv kounye a, m ap viv ak lafwa nan Pitit Bondye a ki te renmen mwen epi ki te livre tèt li pou mwen.

[21] Mwen pa anile gras Bondye. Paske, si se grasa lalwa, Bondye jistifye moun, ebyen, Kris mouri pou granmesi.

Lèt apot Pòl te ekri legliz ki nan Galasi yo — Chapters