[1] Pòl, apot Jezi Kris daprè volonte Bondye. Nou menm, sen yo ki Efèz epi ki fidèl nan Jezi Kris,
[2] se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk nou.
[3] Benediksyon pou sila ki Bondye epi ki Papa Senyè nou an, Jezi Kris, pou sila a ki te beni nou nan Kris ak tout kalite benediksyon espirityèl nan syèl la,
[4] poutèt chwazi li te chwazi nou nan Kris, anvan li te kreye lemonn. Li te chwazi nou pou nou ka sen, pou nou ka san defo devan l nan lamou.
[5] Li te deside davans pou li adopte nou kòm pitit li, grasa Jezi Kris, daprè bon plezi volonte li,
[6] dekwa pou nou ka fè lwanj pou glwa ki nan gras li. E, li fè nou favè gras sa a nan sila ki se Byenneme a.
[7] Nan Byenneme a, nou genyen redanmsyon grasa san li, nou genyen padon pou fot nou yo daprè richès gras li.
[8] Li vide gras sa a sou nou daprè tout kalite sajès ak bonsans.
[9] Konsa, li fè nou konnen mistè volonte li ki daprè bon plezi l. Li te planifye l nan li menm,
[10] dekwa pou lè tan yo akonpli, li ka yon administrasyon, kote l ap fè Kris alatèt tout bagay. L ap alatèt ni bagay ki nan syèl, ni bagay ki sou latè.
[11] Nan Kris, nou vin eritye tou. Sila a ki travay sou tout bagay daprè desizyon volonte l la, se li ki deside davans, daprè plan li,
[12] pou nou menm ki te met espwa nou davans nan Kris, nou sèvi pou nou fè lwanj pou glwa li.
[13] Nan Kris, nou menm tou, lè nou te tande pawòl verite a, levanjil ki sove nou an, epi lè nou te kwè nan li, Bondye poze so a sou nou, ki se Lespri Sen li te pwomèt la.
[14] Lespri Sen an se avalwa sou eritaj nou an, pou jis redanmsyon pwopriyete a rive, pou nou fè lwanj pou glwa li.
[15] Se poutèt sa, mwen menm tou, lè mwen tande kòman nou gen lafwa nan Senyè Jezi epi kòman nou gen lamou pou tout sen yo,
[16] mwen pa sispann rann gras pou nou. Wi, mwen nonmen non nou nan priyè mwen,
[17] dekwa pou sila ki Bondye Jezi Kris, Senyè nou an, sila ki Papa a, ki laglwa a, ka ban nou yon lespri sajès, yon lespri revelasyon pou nou konnen li.
[18] Kòm li te klere je kè nou, nou va konnen ki esperans ki genyen nan rele li te rele nou an, epi ki richès ki genyen nan glwa eritaj li, pami sen yo.
[19] Epitou, nou va konnen ki grandè depase mezi ki genyen nan pisans li pami nou menm ki kwè, daprè travay fòs kouraj li.
[20] Li fè li travay nan Kris, lè li te resisite l pami mò yo. Epitou, li fè Kris chita adwat li nan syèl la,
[21] sou tèt tout chèf, tout otorite, tout pisans, tout souvren, epi sou tèt tout non ki nonmen, pa sèlman nan tan kounye a, men nan tan ki pral vini an tou.
[22] Epi ankò, Bondye soumèt tout bagay anba pye Kris. E, se li menm Bondye bay kòm tèt tout bagay nan legliz.
[23] Legliz se kò Kris. Li fè li total nan Kris, ki se sila a ki fè tout bagay total nan tout moun.