[1] Kris libere nou pou nou ka gen libète. Kenbe fèm. Pa antòtye tèt nou ankò nan jouk esklavaj.
[2] Gade! Mwen menm Pòl, m ap di nou sa: Si nou fè yo sikonsi nou, Kris p ap vo anyen pou nou.
[3] M ap deklare sa ankò pou tout moun k ap fè yo sikonsi yo: Si se sa, fòk yo fè tout sa lalwa di tou.
[4] Nou menm k ap chèche pou lalwa jistifye nou an, ebyen, nou lib parapò ak Kris, nou chwe lwen lagras.
[5] Paske, pou nou menm, se nan Lespri a, se daprè lafwa n ap tann jistis nou espere a.
[6] Paske, nan Jezi Kris, sa ki gen fòs, se pa ni sikonsi, ni pa sikonsi, men se lafwa ki travay grasa lamou an.
[7] Nou t ap kouri byen. Kilès ki rete nou ki fè nou sispann obeyi verite a?
[8] Se pa sila ki rele nou an ki pran tèt nou konsa.
[9] Se yon ti kras ledven ki fè tout pat la leve!
[10] Nou p ap panse okenn lòt jan tou. Mwen menm, mwen fè nou konfyans sa a nan Senyè a. Men tou, moun k ap boulvèse nou an, nenpòt kilès li ye, l ap sibi jijman an.
[11] Mwen menm, frè mwen yo, si se sikonsizyon m ap preche toujou, poukisa y ap pèsekite m toujou? Paske, lè sa a, sa t ap anile pyè d achopman ki nan kwa a.
[12] Moun k ap boulvèse nou yo, pito yo te tou chatre tèt yo.
[13] Paske, nou menm, frè mwen yo, Bondye te rele nou pou nou ka gen libète. Sèlman, pa fè libète a tounen yon pretèks pou lachè. Okontrè, se pou nou youn sèvi lòt nan lamou.
[14] Paske, tout lalwa akonpli nan yon sèl pawòl, nan pawòl sa a: Ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou.
[15] Men, si nou youn ap mòde lòt epi nou youn ap devore lòt, fè atansyon pou nou youn pa tou detui lòt.
[16] Men, mwen di nou sa: Mache nan Lespri a, epi nou p ap akonpli dezi lachè ditou.
[17] Paske, lachè gen dezi ki kontrè ak dezi Lespri a. E Lespri a gen dezi ki kontrè ak dezi lachè. Yo ann opozisyon, youn ak lòt, dekwa pou sa nou ta vle fè, nou pa ka fè yo.
[18] Men, si se Lespri a k ap dirije nou, nou pa anba lalwa.
[19] Travay lachè yo menm, yo klè. Men yo: Adiltè, imoralite, salte, libètinaj,
[20] idolatri, maji, fè lènmi, fè kont, jalouzi, fache, anbisyon, divizyon, patipri,
[21] anvi, asasinay, bwè tafya, banbòch epi bagay ki menm jan ak sa yo. M ap avèti nou, menm jan mwen te deja avèti nou an: Moun k ap fè bagay sa yo p ap eritye wayòm Bondye a.
[22] Men, fwi Lespri a se lamou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa,
[23] dousè, disiplin moral. Pa gen lwa ki kontrè ak bagay sa yo.
[24] Men tou, yon moun ki pou Kris, li krisifye lachè ansanm avèk pasyon li yo ak dezi li yo.
[25] Si n ap viv nan Lespri a, se nan Lespri a tou, pou nou kondi tèt nou.
[26] Pa tonbe fè granpanpan, jis pou youn ap fawouche lòt epi pou youn ap anvye lòt.