Skip to content
Opens in a new window

[1] Moun Galasi, ala nou sòt! Mwen te pwoklame Jezi Kris pami nou, jan yo te krisifye l la. Kilès ki vire lòlòj nou ki fè nou sispann obeyi verite a?

[2] Men sèl bagay mwen ta vle aprann nan men nou: Èske se poutèt nou te fè zèv lalwa, ki fè nou te resevwa Lespri a, oubyen, èske se poutèt nou te kwè yon mesaj?

[3] Se konsa nou sòt? Nou kòmanse nan Lespri a, epi kounye a, se nan lachè nou vle fini?

[4] Èske se pou anyen nou te soufri tout bagay sa yo? Si se ta pou anyen vre,

[5] ebyen, sila ki founi nou Lespri a epi ki fè mirak yo pami nou an, èske se poutèt nou te fè zèv lalwa, li te fè sa, oubyen, èske se poutèt nou te kwè yon mesaj?

[6] Pou Abraam, se menm bagay. Li kwè nan Bondye. E, Bondye konsidere sa tankou jistis pou li.

[7] Donk, se pou nou rekonèt sa: Moun ki gen lafwa, se yo menm ki pitit Abraam.

[8] Lekriti te prevwa Bondye t ap jistifye lòt nasyon yo daprè lafwa. Konsa, li anonse Abraam bon nouvèl la davans. Li di: «Tout nasyon yo ap beni nan ou menm.»

[9] Kifè, Bondye beni moun ki gen lafwa yo ansanm ak Abraam ki te gen lafwa.

[10] Vrèmanvre, tout moun k ap konte sou fè zèv lalwa, yo anba yon malediksyon. Paske, men sa ki ekri: Malediksyon sou tout moun ki pa kontinye ap fè tout sa ki ekri nan liv lalwa a.

[11] Dayè, li klè, Bondye p ap jistifye pèsonn daprè lalwa, paske, yon moun ki jis, se grasa lafwa li va viv.

[12] Alòske, lalwa pa depann de lafwa, men, li depann de pawòl sa a: Moun ki fè bagay sa yo, se grasa yo menm y ap viv.

[13] Kris vin yon malediksyon nan plas nou. Vrèmanvre, men sa ki ekri: Malediksyon pou tout moun, yo pann sou yon bwa. Konsa, Kris rachte nou anba malediksyon lalwa a,

[14] dekwa pou se nan Kris, moun lòt nasyon yo jwenn benediksyon Abraam nan, e dekwa tou pou se grasa lafwa, nou resevwa pwomès Lespri a.

[15] Frè mwen yo, m ap pran yon koutim lèzòm. Menm lè se yon moun ki fè yon testaman, depi yo ratifye l, pèsonn pa ka ni kase l, ni amande l.

[16] Bon, se pou Abraam ak pou desandans li a, Bondye te fè pwomès yo. Li pa di «ak pou desandans li yo,» kòmsi yo ta plizyè. Okontrè, kòm se yon sèl, li di «ak pou desandans li a» sa vle di, Kris.

[17] Men sa m vle di: Yon testaman Bondye te ratifye davans nan Kris, yon lwa ki parèt katsantrantan apre pa ta ka anile l jis pou l ta detui pwomès la.

[18] Paske, si eritaj la te depann de lalwa, li pa t ap depann de pwomès ankò. Alòske, Abraam, li menm, se grasa yon pwomès, Bondye te fè l gras.

[19] Donk, poukisa te gen lalwa? Bondye te ajoute l akòz vyolasyon ki te genyen, pou jis lè desandans lan vini. Li te pwoklame l grasa yon zanj, pa mwayen yon medyatè.

[20] Bon, yon medyatè pa la pou yon sèl pati, alòske, Bondye, li menm, li se yon sèl.

[21] Donk, èske lalwa kont pwomès Bondye yo? Non, jamè! Vrèmanvre, si Bondye te bay yon lwa ki ta kapab bay lavi, lè sa a, moun ta jis daprè lalwa.

[22] Okontrè, Lekriti fè tout bagay vin prizonye peche, dekwa pou se daprè lafwa yo nan Jezi Kris, Bondye bay moun ki gen lafwa yo pwomès la.

[23] Anvan lafwa te vini, se lalwa ki t ap veye nou; nou te prizonye l pou jis lafwa ki t apral vini an te parèt.

[24] Konsa, lalwa te yon siveyan ki te pou mennen nou bay Kris, dekwa pou Bondye te ka jistifye nou daprè lafwa.

[25] Men, lafwa vini. Donk, nou pa anba siveyan sa a ankò.

[26] Paske, se pitit Bondye nou tout ye, grasa lafwa nou nan Jezi Kris.

[27] Vrèmanvre, nou tout ki te batize nan Kris, nou te abiye tèt nou ak Kris.

[28] Pa gen ni Juif ni Grèk. Pa gen ni esklav ni moun lib. Pa gen ni gason ni fi. Paske, nou tout se youn nan Jezi Kris.

[29] Epitou, si se pou Kris nou ye, donk, se desandans Abraam nan nou ye tou. E, daprè pwomès la, nou se eritye.

Lèt apot Pòl te ekri legliz ki nan Galasi yo — Chapters