Skip to content
Opens in a new window

[1] Nou menm timoun yo, se pou nou obeyi paran nou, nan Senyè a. Paske, sa se yon bagay ki jis.

[2] «Onore papa nou ak manman nou, dekwa pou nou kapab byen, epi pou nou kapab viv lontan sou latè.» Sa a se premye kòmandman avèk yon pwomès.

[4] Nou menm papa yo, pa eksite timoun nou yo. Okontrè, se pou nou pran swen yo daprè edikasyon ak koreksyon ki daprè Senyè a.

[5] Nou menm sèvitè yo, se pou nou obeyi moun ki mèt nou yo, avèk krentif epi avèk respè, epitou avèk yon kè ki senp, menm jan nou ta obeyi Kris.

[6] E, pa fè l devan je yo sèlman, tankou se lèzòm n ap fè plezi. Okontrè, fè l tankou sèvitè Kris k ap fè volonte Bondye ak tout nanm yo.

[7] Sèvi yo ak devouman kòmsi se pa t lèzòm nou t ap sèvi, men se te Senyè a.

[8] Paske, chak moun, kit yo esklav, kit yo lib, si sa yo fè a bon, nou konnen y ap resevwa rekonpans yo nan men Senyè a.

[9] Epi, nou menm mèt yo, se menm bagay la pou nou fè pou yo. Sispann menase yo. Paske, sila ki Mèt ni nou menm, ni yo menm nan, li nan syèl la, e li menm, li pa nan patipri.

[10] Anfen, frè mwen yo, pran pisans nan Senyè a ak nan fòs kouraj li.

[11] Abiye nou ak tout zam Bondye yo, pou nou kapab kanpe fèm devan mannigèt djab la.

[12] Paske, se pa kont ni chè ni san n ap batay, men se kont chèf yo, kont otorite yo, kont fòs monn fènwa sa a, kont lespri mechan yo ki nan syèl la.

[13] Poutèt sa, pran tout zam Bondye yo, dekwa pou nou kapab kenbe nan move jou yo, epi lè nou fini ak tout bagay, pou nou kapab kanpe fèm.

[14] Donk, kanpe fèm. Sa vle di: Mare ren nou ak sentiwon verite a. Mete kuiras jistis la sou nou.

[15] Preparasyon ki nan levanjil lapè a, mete li nan pye nou kòm soulye.

[16] Apre tout bagay sa yo, pran boukliye lafwa a. Se ak li n ap kapab etenn tout flèch dife Mechan an.

[17] Epi, aksepte kas delivrans lan ak epe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.

[18] Lapriyè tout tan nan Lespri a avèk tout kalite priyè ak demann. Veye pou nou pèsevere nan sa tout jan. Epi, priye pou tout sen yo.

[19] Priye pou mwen tou, dekwa pou lè m ouvri bouch mwen, Bondye ka ban mwen mwayen pou mwen fè konnen mistè levanjil la avèk asirans.

[20] Se pou levanjil sa a, mwen se yon anbasadè nan chenn. Konsa, m ap preche l avèk asirans, jan mwen dwe preche l.

[21] Kounye a, Tichik, ki se yon frè byenneme epi ki se yon sèvitè Senyè a ki fidèl, li va fè nou konnen tout bagay. Konsa, nou menm tou, n a konnen kijan mwen ye epi kisa m ap fè.

[22] Se pou sa menm, mwen voye l kote nou, pou nou ka konnen kijan nou ye epi pou li ka konsole kè nou.

[23] Se pou lapè ak lamou ansanm avèk lafwa ki soti kote Bondye Papa a ak Senyè Jezi Kris, avèk frè yo.

[24] Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon lamou ki pa ka gate. Amèn!

Lèt apot Pòl te ekri legliz Efèz la — Chapters