Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl ak Timote, sèvitè Jezi Kris. Tout sen nan Jezi Kris ki nan vil Filip, nou menm ansanm avèk evèk yo ak dyak yo,

[2] se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk nou.

[3] Mwen rann Bondye m nan gras, chak fwa mwen sonje nou.

[4] E, sa se tout tan, nan tout priyè mwen fè pou nou tout. Mwen fè priyè yo avèk lajwa,

[5] paske depi premye jou a pou jis kounye a, n ap patisipe nan levanjil la.

[6] E, mwen gen konfyans, sila ki kòmanse yon bon travay nan nou an, l ap kontinye l, jis li fini l, nan jou Jezi Kris la.

[7] Dayè, se nòmal pou mwen panse sa de nou tout, paske mwen pote nou nan kè mwen. Epitou, kit mwen nan chenn, kit m ap defann levanjil la kit m ap sètifye li, nou tout, nou patisipe nan gras la ansanm avèk mwen.

[8] Vrèmanvre, Bondye se temwen m: Mwen renmen nou tout avèk afeksyon Jezi Kris la.

[9] E, sa ki priyè mwen, se pou lamou nou toujou ap grandi nan konesans ak nan tout bon konprann.

[10] Konsa, n a ka apresye bagay ki enpòtan, dekwa pou nou ka sensè epi pou nou ka san repwòch pou jou Jezi Kris la.

[11] E, grasa Jezi Kris, n ap plen ak fwi, sa vle di, ak jistis. E, se ap pou glwa ak lwanj Bondye.

[12] Men, frè mwen yo, mwen ta vle nou konnen sa: Bagay ki rive m yo, se levanjil la yo fè pwogrese pito.

[13] Vrèmanvre, li vin klè pou moun nan tout palè a ak tout lòt kote, se pou Kris mwen nan chenn.

[14] Grasa chenn mwen yo, pi fò frè yo vin pran konfyans nan Senyè a. Konsa, yo vin gen plis asirans pou yo pale pawòl la san yo pa pè.

[15] Se vre, gen kèk moun nan yo, se anvi ak kont ki fè y ap preche Kris. Men, gen kèk lòt moun tou k ap fè l ak bon kè.

[16] E, yo fè l, akòz lamou yo. Paske, yo konnen Bondye mete m la, pou mwen defann levanjil la.

[17] Men, lòt yo, se anbisyon ki fè y ap preche Kris. Yo gen move lide. Yo vle ajoute tribilasyon sou tèt chenn mwen yo.

[18] Kisa pou m di? Yon sèl bagay: Kit se sou pretèks, kit se daprè verite, de tout fason, yo preche Kris. E, mwen rejwi pou sa. Okontrè menm, m ap toujou rejwi.

[19] Paske, mwen konnen, grasa lapriyè nou epi grasa sipò Lespri Jezi Kris la, sa ap tounen delivrans pou mwen.

[20] Daprè sa m ap tann ak kè cho a, daprè sa m ap espere a, mwen p ap wont akòz anyen. Okontrè, ak tout asirans mwen, kounye a, tankou sa te toujou ye a, m ap montre grandè Kris pandan mwen nan kò mwen, kit se nan lavi mwen, kit se nan lanmò mwen.

[21] Paske, pou mwen menm, viv se Kris, e mouri se gany.

[22] Men, si viv nan kò sa a vle di travay k ap bay fwi, alò, mwen pa konn sa pou mwen chwazi.

[23] E, mwen sentre nan mitan tou de. Sa mwen anvi, se ale pou mwen ka avèk Kris. E, se sa ki pi bon pase tout.

[24] Men, poutèt nou menm, li nesesè pou mwen rete nan kò sa a.

[25] E, se konfyans sa a menm, mwen genyen. Mwen konnen m ap rete, m ap la avèk nou tout, pou nou ka pwogrese, pou nou ka gen lajwa nan lafwa.

[26] Konsa, grasa retou mwen pami nou, n a ka vante tèt nou nan Jezi Kris depase mezi, akòz mwen menm.

[27] Sèlman, se pou n viv, jan levanjil Kris la merite l. Konsa, kit mwen vini epi mwen wè nou, kit mwen pa la, se toujou menm bagay la pou m ap tande sou nou: Kòmkwa, nou kanpe fèm nan yon sèl lespri; n ap lite pou lafwa levanjil la nan yon sèl nanm,

[28] epi, nou pa kite advèsè yo kraponnen nou nan anyen. Pou yo menm, se va yon prèv yo pèdi. Alòske, pou nou menm, se va yon prèv nou sove, yon prèv se Bondye menm k ap sove nou.

[29] Paske, poutèt Kris, Bondye fè nou gras, non sèlman pou nou kwè nan li, men tou, pou nou soufri pou li.

[30] Dayè, n ap mennen menm batay nou te wè m ap mennen an. E, se li nou tande m ap mennen jis kounye a.

Lèt apot Pòl te ekri legliz ki nan vil Filip la — Chapters