Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, tankou timoun Bondye renmen anpil, se pou nou imite Bondye.

[2] Epitou, se pou nou mache nan lamou, menm jan ak Kris. Li te renmen nou epi li te livre tèt li bay Bondye pou nou, kòm yon ofrann, kòm yon sakrifis bon odè.

[3] Men, daprè sa ki konfòm pou sen yo, depi se imoralite, tout kalite salte oubyen avaris, yo pa dwe menm nonmen non yo pami nou.

[4] Pa di ni mo sal, ni tenten, oubyen betiz. Sa pa kòrèk. Okontrè, pito nou rann gras.

[5] Paske, nou byen konnen sa: Moun imoral, oubyen moun ki nan salte, oubyen moun ava, yo youn p ap gen eritaj nan wayòm Kris la, nan wayòm Bondye a.

[6] Pa kite pèsonn twonpe nou ak pawòl vid. Paske, se poutèt sa kòlè Bondye tonbe sou moun rebèl yo.

[7] Donk, pa asosye tèt nou avèk yo.

[8] Vrèmanvre, lontan se fènwa nou te ye. Men, kounye a, se limyè nou ye nan Senyè a. Ebyen, mache tankou pitit limyè.

[9] Paske, fwi Lespri a se tout sa ki bon, ki jis epi ki vre.

[10] Epitou, egzamine kisa ki fè Senyè a plezi.

[11] Men, pa patisipe nan travay fènwa. Yo san fwi. Okontrè menm, se pou nou denonse yo pito.

[12] Vrèmanvre, bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont pou moun ta menm pale de yo.

[13] Men, lè moun denonse tout bagay sa yo, yo parèt aklè devan limyè a, paske tout bagay ki parèt aklè, yo se limyè.

[14] Se poutèt sa, pawòl la di: Ou menm k ap dòmi, reveye w! Leve pami mò yo, Epi, Kris va klere w.

[15] Donk, fè atansyon pou nou mache kòrèkteman. Pa mache tankou moun ki pa saj, men tankou moun saj.

[16] Pinga nou gaspiye tan nou, paske jou sa yo move.

[17] Poutèt sa, pinga nou fè sòt. Okontrè, konprann kisa volonte Senyè a ye.

[18] Pa soule tèt nou avèk diven, paske sa se debòch. Okontrè, kite Lespri a ranpli nou.

[19] Sèvi ak sòm ak kantik ak chante espirityèl pou youn touche lòt. Chante, jwe mizik ak tout kè nou pou Senyè a.

[20] Toujou rann Bondye Papa a gras nan non Senyè nou Jezi Kris.

[21] Nan krentif pou Bondye, se pou nou youn soumèt devan lòt.

[22] Nou menm madanm yo, se pou nou soumèt devan mari nou, kòmsi se te devan Senyè a.

[23] Paske, mari sou tèt madanm, menm jan Kris sou tèt legliz, e se li ki sovè kò a.

[24] Ebyen, menm jan legliz soumèt devan Kris, se konsa tou pou madanm yo soumèt devan mari yo nan tout bagay.

[25] Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen legliz epi li te bay tèt li pou legliz.

[26] Li te fè sa, dekwa pou li te ka sangtifye li. Li pirifye li ak pawòl la. Li lave li nan dlo.

[27] Kris bay tèt li tou, dekwa pou li ka prezante legliz devan li, yon legliz ki nan glwa, ki pa gen tach, oubyen pli, oubyen kèk bagay tankou bagay sa yo, men, yon legliz ki sen epi ki san defo.

[28] Konsa tou, mari yo dwe renmen madanm yo, menm jan yo renmen pwòp kò yo. Yon moun ki renmen madanm li, se tèt li li renmen.

[29] Dayè, moun pa janm rayi kò yo. Okontrè, yo pran swen li, yo ancheri li, menm jan Senyè a fè pou legliz la tou.

[30] Paske, se manm kò li nou ye. Nou se chè li ak zo li.

[31] Se poutèt sa, yon nonm va kite papa li ak manman li pou li ini ak madanm li. Epi, yo tou de va fè yon sèl chè.

[32] Sa a se yon gwo mistè. Men, mwen menm, mwen di l akòz Kris epi akòz legliz.

[33] Kanmenm, nou menm tou, se pou nou chak renmen madanm nou, menm jan nou renmen tèt nou. Epi, se pou madanm gen krentif pou mari.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Efèz la — Chapters