Skip to content
Opens in a new window

[1] Pou nou menm, moun lòt nasyon yo, nou te mouri nan fot ak nan peche.

[2] Nou t ap mache ladan yo daprè kouran monn sa a, daprè chèf pouvwa ki nan lè a, lespri k ap travay kounye a nan moun rebèl yo.

[3] Nou menm Juif yo, nou te menm jan avèk yo tou. Gen yon lè, nou tout, nou te konpòte tèt nou daprè dezi chè nou, nou te fè sa chè nou ak lide nou vle, epi nan nati nou, nou te moun ki anba kòlè Bondye.

[4] Men, Bondye rich nan pitye. Grasa gwo lamou ki fè l renmen nou an,

[5] epi malgre nou te mouri nan fot nou yo, li ban nou lavi ansanm ak Kris. Wi, se akòz gras li, ki fè nou sove.

[6] Epi, Bondye resisite nou ansanm ak Jezi Kris, li fè nou chita nan syèl la ansanm ak li.

[7] Li fè sa, dekwa pou nan tan k ap vini an, li ka montre richès depase mezi ki genyen nan gras li, daprè bonte li pou nou, nan Jezi Kris.

[8] Vrèmanvre, se akòz gras li, ki fè nou sove, grasa lafwa. E, sa pa soti nan nou menm, se kado Bondye.

[9] Sa pa soti nan zèv, dekwa pou pèsonn pa vante tèt yo.

[10] Paske, se chedèv Bondye nou ye. Li kreye nou nan Jezi Kris, pou nou fè bon zèv. E, li te prepare yo davans, dekwa pou nou ka mache ladan yo.

[11] Se poutèt sa, sonje gen yon lè, se moun lòt nasyon yo nou te ye daprè ras nou. Moun ki rele tèt yo «sikonsi» yo, moun sa yo, malgre se yon sikonsizyon nan kò yo genyen, yon sikonsizyon lèzòm fè, ebyen, se «ensikonsi» yo te rele nou.

[12] Wi, sonje nan tan sa a, nou te san Kris, nou te san dwa pou nou sitwayen ann Izrayèl, epi nou te etranje parapò ak alyans pwomès la. Nou te san esperans, nou te san Bondye nan monn sa a.

[13] Alòske, kounye a, nan Jezi Kris, nou menm ki te lwen Bondye, nou vin pre li, grasa san Kris.

[14] Vrèmanvre, se li menm ki lapè nou. Se li ki fè de gwoup yo fè yon sèl epi ki vide miray zizani ki te separe yo a.

[15] Nan kò li, li anile lalwa ansanm avèk kòmandman l yo ak dekrè l yo. Li fè sa, dekwa pou nan pwòp li menm, li ka kreye yon sèl moun nouvo avèk de gwoup yo, epi konsa, pou li fè lapè.

[16] Li fè l tou, dekwa pou li ka rekonsilye yo ak Bondye, kote tou de fè yon sèl kò grasa kwa a. E, avèk sa, li elimine zizani an.

[17] Epi, li vini, li anonse levanjil lapè a pou ni nou menm ki te pre yo, pou ni sa yo ki te lwen yo.

[18] Paske, grasa li, nou menm, tou de gwoup yo, nou gen antre lib devan Papa a, nan yon sèl Lespri.

[19] Donk, konsa, nou menm lòt nasyon yo, nou pa ni etranje, ni vizitè ankò. Okontrè, nou se sitwayen ansanm ak sen yo, nou se manm fanmi Bondye.

[20] Bondye bati nou sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo, kote se Jezi Kris, li menm, ki wòch prensipal la.

[21] Nan li, tout pati nan bilding nan vin byen òganize, yo grandi pou yo vin yon tanp ki sen nan Senyè a.

[22] Nan li, nou menm moun lòt nasyon yo, Bondye bati nou tou, pou nou vin mezon Bondye nan Lespri a.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Efèz la — Chapters