Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, mwen menm ki se prizonye nan Senyè a, m ap ankouraje nou mache yon jan ki konfòm ak apèl nou te resevwa a.

[2] Mache avèk tout imilite nou ak tout dousè nou, epi avèk pasyans. Se pou youn sipòte pou lòt nan lamou.

[3] Fè dilijans pou nou kenbe inyon Lespri a, kote se lapè ki mare nou ansanm.

[4] Gen yon sèl kò ak yon sèl Lespri. Konsa tou, Bondye te rele nou pou sèl esperans ki nan apèl nou an.

[5] Gen yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm,

[6] yon sèl ki Bondye epi ki Papa tout moun. Se li ki sou tèt tout moun, ki aji nan tout moun, epi ki nan nou tout.

[7] Men, li bay nou chak gras, daprè mezi don Kris la.

[8] Se poutèt sa Lekriti di: Lè li monte anwo, Li mennen yon bann prizonye, Epi, li bay lèzòm don.

[9] Men, kisa «li monte» a ye? Sa vle di: An premye, li te desann tou, nan pwofondè latè.

[10] Sila ki te desann nan, se li menm tou ki te monte pi wo, pase tout bagay nan syèl la, dekwa pou li ka fè tout bagay vin total.

[11] Se li menm tou ki bay kèk moun kòm apot, kèk lòt kòm pwofèt, kèk lòt kòm evanjelis, kèk lòt ankò kòm pastè ak anseyan

[12] pou fòme sen yo pou travay ministè a e pou edifikasyon kò Kris la.

[13] E, sa se pou jis nou tout, nou rive nan inyon lafwa ak konesans Pitit Bondye a, pou jis nou rive moun ki total, pou jis nou rive nan mezi devlòpman, jan Kris total la.

[14] Konsa, nou p ap timoun ankò, timoun nenpòt van ansèyman ap vòltije epi ap bwote, timoun mannigèt lèzòm ap twonpe nan koken ak nan riz.

[15] Okontrè, n a di verite a nan lamou dekwa pou, nan tout bagay, nou grandi nan sila ki tèt la, ki vle di Kris.

[16] Se nan li menm, tout pati kò a grandi pou li bati tèt li nan lamou. Li grandi nan mezi, chak pati fè travay pa yo. Paske, kò a byen òganize, byen sentre, grasa sipò chak jwenti.

[17] Donk, men sa m ap di, men sa m ap temwaye nan Senyè a: Nou pa dwe mache ankò menm jan rès moun lòt nasyon yo ap mache, daprè lide yo ki vid.

[18] Yo gen lespri fènwa. Paske, akòz pa gen konesans nan yo, epi akòz kè yo di, yo etranje parapò ak lavi Bondye.

[19] Kòm yo san santiman, yo lage tèt yo nan libètinaj dekwa pou yo ka saf nan fè tout kalite salte.

[20] Men, nou menm, se pa konsa yo te aprann nou Kris.

[21] Alò, sa, se si nou te tande pale de li vrèmanvre, epi se si yo te anseye nou nan li, daprè verite ki nan Jezi a.

[22] Sa vle di, daprè konpòtman nou te genyen anvan an, se pou nou debarase kò nou avèk ansyen nou menm nan. Li fin kòwonpi anba dezi k ap twonpe moun.

[23] Men, se pou nou vin yon moun nouvo nan lespri nou, nan lide nou.

[24] Epi, se pou nou abiye ak nouvo nou menm nan. Bondye kreye li pou li pòtre ak li, nan jistis ak nan ladwati ki daprè verite a.

[25] Se poutèt sa, se pou nou debarase kò nou ak manti. Se pou nou chak di laverite lè n ap pale ak pwochen nou, paske nou youn se manm lòt.

[26] Si nou fè kòlè, pa peche. Solèy pa dwe kouche sou move san nou.

[27] Nonplis tou, pa bay djab la okenn okazyon.

[28] Yon moun ki konn vòlè, se pou li sispann vòlè. Men, pito li redi fè sa ki byen ak men li, dekwa pou li ka genyen pou li bay moun ki nan bezwen.

[29] Okenn pawòl pouri pa dwe soti nan bouch nou. Okontrè, di sa ki bon pou edifye moun, daprè bezwen yo. Konsa, n a bay moun k ap koute yo yon gras.

[30] Pa fè Lespri Sen Bondye a tris. Se li ki so Bondye poze sou nou pou jou redanmsyon an.

[31] Kanta pou kè gwo, raj, kòlè, woywoy, denigre moun, ansanm avèk tout kalite malfezans, retire yo tout pami nou.

[32] Men, se pou nou gen bon kè avèk afeksyon youn pou lòt; se pou nou youn padone lòt menm jan Bondye te padone nou tou, nan Kris.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Efèz la — Chapters