Skip to content
Opens in a new window

[1] Se pou rezon sa a, mwen menm Pòl, ki se prizonye Jezi Kris poutèt nou menm, moun lòt nasyon yo …

[2] Alò, mwen sipoze nou tande se mwen Bondye bay administre gras li pou nou.

[3] Ki vle di, Bondye fè m konnen mistè a nan revelasyon, menm jan mwen sot ekri kèk mo sou sa.

[4] Lè nou li yo, n a kapab rekonèt jan mwen byen konprann mistè Kris la.

[5] Nan lòt jenerasyon yo, Bondye pa t fè pitit lèzòm konnen li, menm jan kounye a li revele tèt li nan Lespri a bay apot li yo ak pwofèt li yo ki sen.

[6] Sèke, nan Jezi Kris, moun lòt nasyon yo nan menm eritaj la, epi yo nan menm kò a, epi y ap pataje menm pwomès li yo, grasa levanjil la.

[7] Se sèvitè levanjil sa a mwen vin ye, daprè don gras Bondye, don li ban mwen nan jan pisans li travay nan mwen.

[8] Malgre se mwen ki gen mwens valè pase tout sen yo, Bondye ban mwen gras sa a, kòmkwa pou m anonse moun lòt nasyon yo bon nouvèl sa a, ki se richès Kris la, yon richès moun pa ka egzamine,

[9] epitou pou mwen mete aklè devan tout moun, jan Bondye administre mistè a. Depi letènite, li te kache nan Bondye, li menm ki kreye tout bagay grasa Jezi Kris.

[10] Tout sa, se dekwa pou kounye a, grasa legliz, Bondye ka fè chèf ak otorite ki nan syèl yo konnen sajès li sou tout fòm li yo.

[11] E, sa se daprè plan li fè depi letènite nan Jezi Kris Senyè nou.

[12] Se nan li menm e grasa lafwa nan li, nou gen asirans pou nou antre lib devan Bondye avèk konfyans.

[13] Se poutèt sa, m ap mande nou pou nou kenbe kè devan tribilasyon m ap sibi pou nou yo. Se glwa nou yo ye.

[14] Se pou rezon sa a ki fè mwen met ajenou devan Papa Senyè nou Jezi Kris,

[15] devan sila a ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou tè a non yo.

[16] Mwen priye dekwa, daprè richès glwa li, pou li ka ban nou favè pou li fòtifye nou avèk pisans, grasa Lespri li, nan fon kè nou,

[17] epi favè pou Kris abite nan kè nou grasa lafwa. Mwen priye pou li ban nou rasin ak fondasyon nan lamou,

[18] dekwa pou nou kapab byen konprann, ansanm ak tout sen yo, ni lajè, ni longè, ni pwofondè, ni wotè lamou Kris,

[19] epi, dekwa pou nou kapab konnen lamou Kris, yon lamou ki depase tout konesans. Konsa, nou va total, jis nou rive total tout jan Bondye total la.

[20] Kounye a, sila a ki kapab fè pi plis pase tout bagay nou mande oubyen nou panse, daprè pisans k ap travay nan nou an,

[21] glwa pou li nan legliz, nan Jezi Kris, pou tout jenerasyon, pou le tan e letènite. Amèn!

Lèt apot Pòl te ekri legliz Efèz la — Chapters