[1] Tout moun ki anba jouk kòm sèvitè, se pou yo konsidere pwòp mèt yo tankou moun ki merite tout kalite onè. Konsa, moun p ap denigre ni non Bondye, ni doktrin nan.
[2] Si mèt yo genyen yo, se fidèl yo ye, yo pa dwe meprize yo poutèt se frè yo ye. Okontrè, poutèt moun k ap resevwa sèvis yo se fidèl e se byenneme yo ye, sèvitè yo dwe sèvi yo pi plis. Anseye yo epi ankouraje yo fè bagay sa yo.
[3] Si yon moun ap anseye lòt kalite doktrin, si li pa dakò avèk pawòl ki kòrèk yo, sa vle di, pawòl Senyè nou an, Jezi Kris, si li pa dakò avèk doktrin ki daprè devosyon pou Bondye a,
[4] ebyen, moun sa a, se ògèy ki gonfle tèt li, li pa konn anyen. Okontrè, se maladi plede ak diskite li genyen. Epi, sa mennen anvi, kont, denigre moun, sispèk moun mal,
[5] pledman, anfen, bagay ki sanble ak moun ki gen lespri kòwonpi, moun ki pèdi verite a epi moun ki panse devosyon pou Bondye se yon mwayen pou moun vin rich. Egzante moun konsa.
[6] Alò, devosyon pou Bondye se yon gwo mwayen pou moun vin rich vre, si moun nan konn kontante.
[7] Vrèmanvre, nou pa t vini ak anyen nan monn sa a, nou pa kapab ale ak anyen nonplis. Sa klè.
[8] Donk, si nou gen manje ak rad, sa ase pou nou.
[9] Men, moun ki vle pou yo rich, yo tonbe nan tantasyon ak nan yon pyèj, epi yo tonbe anba anpil dezi ki san sans epi ki danjere. Bagay sa yo trennen moun, jis yo rinen yo epi yo detui yo.
[10] Paske, avaris se rasin tout bagay mal. Gen kèk moun, nan kouri dèyè lajan, yo pèdi chemen lafwa a. Konsa, yo lage tèt yo nan anpil touman.
[11] Men, ou menm ki òm de Dye, ou dwe kouri pou bagay sa yo. Men, chèche gen jistis, devosyon, lafwa, lamou, pasyans ak dousè.
[12] Mennen yon bon batay pou lafwa. Kenbe lavi etènèl la fèm. Se pou li Bondye te rele w, e se poutèt li ou te bay yon bèl temwayaj devan anpil temwen.
[13] Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, epi devan Jezi Kris ki te bay yon bèl temwayaj lè l te devan Pons Pilat la, men sa m ap kòmande w:
[14] Se pou w kenbe kòmandman an yon jan ki san tach, san repwòch, pou jis Jezi Kris Senyè nou an parèt.
[15] Bondye ap fè wè li nan tan ki te fikse a. Se Bondye ki beni epi ki sèl Potanta. Se li ki Wa tout wa epi Senyè tout senyè.
[16] Se li sèl ki genyen imòtalite epi ki abite nan yon limyè kote moun pa ka pwoche. Okenn moun pa janm wè li. Okenn moun pa kapab wè li nonplis. Onè ak fòs pou li pou letènite! Amèn!
[17] Kòmande moun ki rich nan monn ki la kounye a pou yo pa ni awogan, ni mete espwa yo nan richès frajil sa yo. Men, se pou yo mete espwa yo nan Bondye vivan an ki ban nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo.
[18] Se pou yo fè byen. Se pou yo rich nan fè bon zèv. Se pou yo bay lòt moun, se pou yo pataje ak lòt moun.
[19] Se konsa y ap anpile yon trezò pou pwòp tèt yo, yon trezò k ap yon bèl fondasyon pou demen, dekwa pou yo ka kenbe lavi etènèl la fèm.
[20] Aa Timote, veye sa Bondye konfye w la. Devire devan sakrilèj, pawòl rans ak kontradiksyon ki nan swadizan konesans sa yo,
[21] konesans kèk moun ap anseye. E, nan konsa, yo pèdi chemen lafwa. Gras Bondye avèk ou!