Skip to content
Opens in a new window

[1] Men tou, Lespri a di sa klè. Nan dènye tan yo, kèk moun ap kite lafwa pou yo koute lespri k ap twonpe moun epi doktrin demon anseye.

[2] E, yo anseye yo grasa ipokrit k ap bay manti, moun ki gen yon letanp ki make pwòp konsyans yo.

[3] Yo defann moun marye; yo fè moun egzante yon seri manje, alòske Bondye kreye manje yo pou moun ki fidèl epi ki konnen verite a ka resevwa yo ak remèsiman pou Bondye.

[4] Dayè, tout sa Bondye kreye bon. E, fòk moun pa derefize anyen, depi se avèk remèsiman yo resevwa l.

[5] Paske, pawòl Bondye a avèk priyè fè l sen.

[6] Si ou esplike frè yo bagay sa yo, w ap yon bon sèvitè pou Jezi Kris, yon sèvitè ki nouri tèt li ak pawòl lafwa a epi ak bon doktrin. E, doktrin sa a, ou deja ap suiv li.

[7] Kanta pou sakrilèj ak lejann radòt yo, egzante yo. Okontrè, antrene tèt ou nan devosyon pou Bondye.

[8] Paske, antrènman kò itil yon ti kras. Men, devosyon pou Bondye itil pou tout bagay. Li gen pwomès ni pou lavi ki la kounye a, ni pou lavi ki pral vini an.

[9] Sa se yon pawòl ki fidèl epi ki merite pou tout moun resevwa l.

[10] Dayè, se poutèt sa n ap travay di epi moun ap avili nou, se paske nou met espwa nou nan Bondye vivan an, ki se sovè tout moun, sitou moun ki gen lafwa yo.

[11] Kòmande moun yo fè bagay sa yo, epi anseye yo.

[12] Pa kite pèsonn meprize w dèske ou jèn. Okontrè, se pou w vin yon modèl pou moun ki fidèl yo nan pawòl ou, nan konpòtman w, nan lamou w, nan lespri w, nan lafwa w epi ak yon konduit ki pwòp.

[13] Li pou moun yo. Ankouraje yo. Anseye yo. Okipe bagay sa yo pou jis mwen vini.

[14] Pa neglije don ki sou ou a, don Bondye te ba ou daprè pwofesi, lè gwoup ansyen yo te poze men sou ou a.

[15] Reflechi sou bagay sa yo, lage kò w ladan yo. Konsa, l ap klè pou tout moun, w ap fè pwogrè.

[16] Fè atansyon ak tèt ou epi ak ansèyman ou. Pèsevere nan bagay sa yo. Paske, lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w yo.

Premye lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters